Prepare nou pou Lè Minwi kase (5e Pati): VIRE BÒ KOTE VWA A

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

October 10, 2020

Byenveni lektè Reveye Nations yo nan 5e Pati seri sou “Preparasyon pou Lè minwi kase!” Jodi a, nan Pati 5 la “Vire bò kote Vwa a” Pwofèt Shyju Mathew anseye nou twa vèsè kle yo anpeche nou glise desann pant lan apik lè nou vin abitye avèk Bondye. Si ou pat gen chans li tèsk anvan yo sou seri sa a, klike isit sou Lyen sa yo pou jwenn Premye Pati a “Bati yon Revèy”, 2e Pati a “Anmoure JeziKri yo – Ranpli avèk konsistans, 3e Pati a “Kondwi pa Lespri Bondye” epi 4e Pati a : “Viv selon labanyè Wayal! Tanpri pa bliye pataje seri pwisan sa a avèk moun ke ou renmen yo!

Revelasyon 1: 10 a 12. “ ….. mwen tande yon gwo vwa dèyè do’m ki sonnen tankou yon klewon …. M’ vire pou’m wè ki moun ki t’ap pale avè’m lan. Lè sa a, mwen wè sèt gwo lanp an lò sèt branch an lò kanpe …

Èske w pa ko janm sezi anpil pou yon bagay ki nan gwo distans, ke ou sispann tout bagay epi pwoche bò kote li pou kapab wè?

Zanmi mwen, ou nan bon konpayi!

Moyiz te wè depi yon bèl ti distans, yon ti touf bwa ​​tou limen ki pat sispann boule. Li te wè li depi yon bèl distans epi li vire sou kote pou wè fenomèn sa a. Kounye a, Prens Moyiz ki tounen bèje te mache pi pre, Bondye ki gen tout pouvwa a te kòmanse revele tèt Li bay Moyiz.

Lè ou desire limyè Bondye a, ou ka panse se te pwòp lide ou pou’w vini pi pre Bondye, men poutan se Senyè a ki te atire ou bò kote Li. Nou pa ka rive renmen Bondye pou kont nou. Kò nou (lachè) pa kapab renmen Bondye, paske li toujou ap goumen avèk bagay Bondye yo. Se konsa, si ou wè ke Seyè a ap fasone ou, ou dwe rejwi ou epi fè fèt, paske lanmou nou pa soti nan nou; paske lanmou se yon kado ki soti anwo bò kote Bondye! Bib la di “ nou renmen paske Li te renmen nou an premye (1 Jan 4:19). Li enpòtan pou nou pa vin abitye avèk gwo favè sa a yo ke Bondye ban nou.

Moyiz, ki te rankontre Bondye nan ti touf bwa ​​sa a, pat sispann pouswiv Bondye la. Anpil fwa li tap chache gen plizyè rankont avèk Seyè a.

Bondye te kòmanse sèvi ak Moyiz nan yon fason pwofon pwofon.

Nan tout Ansyen Testaman, li te di, pa gen okenn lòt moun ki te itilize avèk pwisans tankou Moyiz. E poutan, menm apre Bondye te fann Lanmè Wouj an 2, apre tout mirak ekstraòdinè epi supernatural sa yo nan peyi Lejip, Moyiz te kontinye rele Bondye, “Bondye, montre mwen chemen ou‘. Ou ankò, “Seyè, montre mwen tout bèl Glwa ou” (Egzòd 33:18).

Pèp la, ke Moyiz tap dirije a, te fè eksperyans menm prezans Bondye nan Nwaj la (pandan lajounen) epi ak kolònn dife a (pandan lannwit), yo te wè avèk pwòp je yo, gwo mirak ak bèl bagay avèk delivrans Bondye apre 430 ane esklavaj, men moun sa yo te vle sèlman yon Bondye ke yo te kapab wè.

Lè Moyiz te soti pou ale rankontre Bondye sou tèt mòn lan, epi pèp la pat wè li pandan kèk tan, yo te kòmanse pale mal kont Moyiz. Byento, yo te pare pou yo ale lwen epi retounen nan peyi Lejip. Yo te revòlte nan fason ki pi mal la.

Yo moute al jwenn Arawon, granprèt la, yo di li ‘: Gade, nou pa konnen si Moyiz ap retounen. Nou vle yon bondye. ” Se konsa, Arawon te envante yon ti towo bèf an lò pou yo te ka adore.

Pèp Bondye, pa kite distans fè’w bliye bonte Senyè nou an epi pa kite abitye mennen ou lwen Prezans Senyè a.

Abitye ka fè zòrèy ou vin soud pou pa ka tande Vwa Bondye, sa ka lakòz ou koute yon vwa diferan, ki gen sèlman ajanda pou kondwi ou lwen prezans Senyè a.

Nou pa ka sispann kouri dèyè Bondye ki ap pouswiv nou! Se pou ou Genyen toujou plis rankontre avèk Bondye san limit nou an.

Jezi, Seyè nou an, di: “Si yon moun pa rete atache nan mwen, yap koupe li epi voye li jete tankou yon branch ki cheche” Jan 15: 5. Nou pa dwe pèmèt familyarite lakòz nou kite kote sa a ki se plas rezidans nou.

Men 3 vèsè kle pou kenbe nou epi anpeche nou glise desann pant apik la ki kolesere avèk abitye (familyarite):

1. 1 Jan 2:15 di, ” Pa renmen lemonn, ni bagay sa yo ki nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen lanmou nan kè li pou Papa a “. Bib la di : ou nan mond lan, men ou pa moun lemonn, se konsa ou dwe idantifye’w: Kisa ki bagay sa yo ki ap mennen ou lwen Seyè a? Kòmanse elimine distraksyon sa yo ak divèsyon yo.

2. Women 12: 2 di, “Ou pa dwe konfòme ou avèk mond sa a“. Konfòme ou vle di konfòme ou avèk yo (pou vin menm jan ak lòt yo). Petèt, nan lavi ou, gen yon gwoup moun ki te fòse yon seri de fason, konpòtman, kilti, epi ou kòmanse vin ap swiv yo. Anvan ou rive konnen li, ou gen tan sanble ak yo, ou pale tankou yo, ou konpòte’w tankou yo. Kounyè a kilti ki nan mond sa a antre andedan ou. Sa a se yon kote ki danjere pou ou rete. Penga ou vini tankou yo; se yo ki dwe vin tankou ou.

3. 2 Korentyen 6:14 di, “…Pa mete tèt nou ansanm ak moun enkonvèti ki pa gen konfyans nan Kris la“. Konsa, pa mare sosis nou ak mond lan kòm patnè. Gen yon pwogresyon apik pou yon kwayan ki vin pèdi. Ou kòmanse renmen mond lan. Ou kòmanse jwi bagay sa yo nan mond lan epi ou pa separe’w de bagay lemond . Finalman, ou vin tankou mond lan. Ou renmen li, ou envesti nan li epi kounye a, ou vin esklav mond lan. Ou kòmanse fè bagay ki lakòz ou antre anba menm jouk bèf. Koulye a, ou vini anba menm jouk bèf, ou vini anba menm parapli a. Koulye a, li vin tounen yon patenarya. Zanmi, gade nan tèt ou epi di, “Seyè Jezi, mwen vle konnen ou. Mwen vle vire toutotou. Mwen vle pwoche bò kote ou, men premyèman, ede mwen pou fè fas ak dezi mwen yo.

Jodi a konsidere avèk anpil atansyon:

· Kisa mwen renmen?
· Ki moun mwen renmen?
· Ki sa mwen ye ki pi angaje ak semèn sa a? (Men yon tipoul: Se sa ou renmen.)

Sen, li lè pou jenerasyon nou an tounen vin jwenn Senyè a, pou nou leve je nou toutbon sou Li. Se lè pou yon revèy pran nan legliz nou yo.

Li lè pou nou, antanke yon kò, vin renmen Li avèk pasyon epi pou nou pa rete jis kwayan de non.

Semèn sa a, tankou Moyiz ak Apot Jan, tounen vin jwenn Vwa a epi vin boule avèk konesans Bondye nan yon fason pi fon pase tout tan anvan!

Pa kite yon sèl grenn rankont ak Bondye satisfè nanm ou! Monte sou mòn lan, ankò e ankò, epi tankou Moyiz, rele byen fò pou konnen chemen Li yo, pou ou ta konnen Glwa Li!

Pou jwenn tout predikasyon sa a an antye, ale sou Chèn Youtube “Revive Nations” pou koute nan lang ou chwazi:
Anglè: https://www.youtube.com/watch?v=3yahKtYs2xY
Espanyol: https://www.youtube.com/watch?v=S28OjAgFtxY
Fransè: https://www.youtube.com/watch?v=I4MmviTakK8
Punjabi: https://www.youtube.com/watch?v=3rr3e44qluc
Malayalam: https://www.youtube.com/watch?v=4nbowuiLwe0
Italyen: https://www.youtube.com/watch?v=lA1aTSTzXRM
Hindi: https://www.youtube.com/watch?v=xVGD_q36c9I

Se pou Bondye beni ou epi rete anba Men Pwisan Bondye damou nou an!