PÈSE ou AVANSMAN KWAYAN YO! Premye pati: Chemen ki mennen nan benediksyon sanparèy

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

April 10, 2020

Zanmi lektè, nou espere ke ou va pwofite novo seri sa a ki rele “AVANSMAN/ PÈSE POU CHAK KWAYAN “ kote nou devlope kèk zouti-kle pou relache pouvwa Bondye nan lane 2020 an. Se yon seri kritik prezante an 4-pati. Tèks sa a se premye pati a.

Nan tan jodi a kote lavi deranje, kòm enfòmasyon sou COVID19 domine tout nouvèl atravè lemond, annou pwofite gade lavi yon nonm ki gen tout lavi koupe tanzantan avèk entèvansyon Bondye. Nonm sila a ki rele Abraram te pitit gason yon « fèzè zidòl » nan peyi Haran. Toudenkou, Bondye te rele mesye sila.

Nan liv Jenèz 12: 1-7, nou wè Bondye te rele Abraram. Bondye te di li “Mwen pral fè Non ou vini Gran toupatou”

Konbyen nan ou konnen ke Bondye pa gen okenn pwoblèm pou fè Non ou vini Gran?

Bondye di Abraram, “Mwen pral beni ou, men ou dwe soti pati kite fanmi ou. Ou dwe kite tout bagay epi swiv mwen.” (gade Jenèz 12).

Abraram te obeyi klèman. Li te ranmase fanmi li, madanm li, neve li, tout byen li posede avèk sèvitè li yo, epi li te swiv Vwa Bondye pou ale nan peyi Kanaran.

Nan kèk pwen, anpil tan pase avèk plizyè lanne san rive fè pitit, Aga ak Izmayèl, vizit zanj Letènèl la, ak nesans pitit pwomès la, Izarak, ki te rive fèt, tout sa fè Abraram te deja tounen tigranmoun ki gen yon syèk : Bondye te vle teste kè Abraram. Se konsa, Bondye te di nonm lan, “Ban mwen sèl pitit gason ou a kòm sakrifis.” (gade Jenèz 22: 9-18 ).

Nan demen, Abraram leve byen bonè nan maten, li te rasanble kèk sèvitè, epi li enfòme madanm li: “Mwen jis pral adore Seyè a epi retounen.”

Abraram pat bay manti. Petèt li pat anvi di, “Bondye te mande mwen pou bay, kòm ofrann pou yon sèvis sakrifis, sèl pitit gason nou an ke nou te tann pandan lontan, tann plis pase 90 ane anvan nou te ka genyen li. Kòm yon granmou avèk anpil laj, li te ezite pataje tout sa li te tande : Mwen tande yon Vwa ki di « ban mwen pitit gason nou an ». Divilgasyon yon mesaj konsa te ka kreye yon gwo pwoblèm pou Abraram. Olye de sa, li te rete trankil epi li te fè yon plan rapid pou adore Seyè a, answit li va eksplike tout bagay, lè li retounen.

Zanmi, pafwa ou ka pale koze ki kapab anile oswa gate benediksyon ki sipoze vini. Pou evite sèten diskisyon, chache lapè pito. Diskresyon se gwo sajès, nan anpil sitiyasyon.

Abraram te pran sèvitè li yo epi li vwayaje nan direksyon mòn lan, avèk pitit gason an epi sèvitè yo, li te chwazi obeyi Vwa Bondye.

Rive nan mwatye chimen, patriyach la te kanpe epi li te di sèvitè li yo: ‘Rete tann isit la. ” Abraram te pwofetize : “rete isit la, ka mwen menm ak pitit gason mwen an, nou pral adore Seyè a, aprè sa nap retounen vini jwenn nou.”

Vwayaj yon pitit kay kòmanse kote vwayaj yon sèvitè fini, paske gen bagay ou pa ka konfye bay yon sèvitè, men ou ka konfye li bay yon pitit gason.

Yon sèvitè kapab motive pa salè ak lòt benefis ke li resevwa. Men, Yon pitit toujou ap chache kijan pou li onore papa li. Abraram te kapab wè ke sèvitè li yo pat kapab vwayaje monte sou tèt mòn lan pou jès sakre sa a.

Abraram te kontinye avanse ansanm ak Izarak, answit papa avèk pitit gason an te kòmanse fè yon konvèsasyon. Izarak mande : “Papa, ou te di ke nou ta pral fè yon sakrifis, men mwen pa wè yon mouton oswa yon kabrit.” Abraram reponn : “pitit gason mwen, Seyè a va bay nou sa ki manke”.

Koulye a, Abraram pat kapab wè okenn bèt pyès kote nan zalantou li. Olye de sa, li te deklare epi te adore Bondye nan tout sibstans li, avèk lafwa nan Bondye Toupisan an.

Nan sezon sa a, byeneme, tankou Abraram, kèlkeswa sa ou wè oswa ou pa wè, deklare konfyans ou nan Seyè a.

Pral gen kèk bagay ki sanble enposib pou ou, men ou pral wè ke mòn ou yo a fonn epi disparèt pou vin tounen lasi. Se pou ou gade/fikse mòn enposib ou yo, answit se pou ou deklare Pawòl Senyè a. Mòn lan gen dwa pa respekte ou, men mòn lan pral respekte Pawòl Bondye a ke ou pote!

Koulye a, èske ou pa janm gade istwa Bib la rakonte sou Abraram ak Izarak? Pifò nan sèn foto Izarak yo sanble yon jèn ti gason, yon jèn timoun ke yo te mare sere sou lotèl la. Men, Izarak te gen trant an! Izarak abandonen tout fòs li bay papa li pandan ke Izarak te kouche pa lafwa sou lotèl la.

Èske ou ka imajine jan konvèsasyon nan tèt mòn lan, jan Abraram pran Izarak epi li kòmanse di: “Pitit mwen, Seyè a ap bay sa ki manke.”

Ou konnen tout rès istwa a. Pandan ke Abraram te leve kouto a pou sakrifye sèl pitit gason li a, syèl la te pale epi li te bay yon belye mouton ki te atache nan lyann. Bondye te beni Abraram pou tout jenerasyon yo; benediksyon sa yo te kòmanse avèk Izarak, pitit gason ki te remèt tèt li sou lotèl la devan papa li.

Jezi te akonpli menm sèn sa a pi lwen (sou mòn Golgota), menm jan li te obeyi papa a, jouska lanmò, epi menm jouska lanmò sou lakwa a, poutèt kè kontan ak lajwa devan Li, pou pèmèt ou menm, oswa mwen menm, oswa chak lòt kwayan, kapab rele nan Non Seyè Jezi (gade Héb. 12:2).

Si ou etidye byen ki jan benediksyon an te sòti nan men Izarak pou ale jwenn Jakòb, ou pral wè yon modèl klè ki chita sou ofrann sakrifis, sòti nan yon jenerasyon pou ale nan men yon lòt jenerasyon. Izarak di Ezayu: Mwen vle beni ou, men, pou ou ka rive jwenn benediksyon an, ou oblije fè kichòy. Ou dwe ale chase yon jibye pou mwen. Answit prepape epi kwit yon bon plat manje pou mwen. Se pa nan jaden nou an pou li soti. Fòk ou dwe desann al chase jibye a epi mennen li ban mwen. Apre sa, ma beni ou.” (gade Jenèz 27).

Chak benediksyon, mande yon sakrifis.

Lè Abraram te ofri Izarak kòm sakrifis, Izarak te soumèt li bay papa li epi li te remèt tèt li konplètman bay Bondye. Moman lafwa sa a nan Bondye epi remèt tèt li oswa vi, se sakrifis sa a ki fè Izarak vin kalifye pou li resevwa tout benediksyon yo ke Bondye te depoze sou papa li Abraram.

Izarak rele Ezayu, li di li konsa: « Pitit mwen, gade, mwen fin granmoun.» Izarak te pote yon benediksyon ke li te bezwen transmèt bay yon lòt jenerasyon, se konsa li te kreye yon senaryo pou eritye li yo kapab resevwa benediksyon sa a.

Konbyen fwa, gen moun ki mouri san yo pa gen chans transmèt benediksyon yo bay lòt jenerasyon, paske pa gen moun ki kalifye kòm eritye pou resevwa benediksyon yo?

Avèk Izarak, se te yon istwa diferan. Izarak te mouri nan li menn sou lotèl la jou Abraram te monte bay pitit gason sa kòm sakrifis. Paske Izarak te obeyi Bondye, san pa te gen okenn lit okenn batay. Jènjan 30 tan ki te mete tèt li kouche sou lotèl la, tankou li tap temwaye avèk pawòl sila : “Papa, si se sa ke Senyè a mande ou, men mwen!” Nan yon chwa konsa sa (kòm sakrifis), kèlkeswa benediksyon ki te sou Abraram, benediksyon sa yo te vin transmèt sou Izarak.

Gen kèk moun ki ap tann pou yon benediksyon soti nan Papa a. Gen kèk moun ki ap tann pou yon Sèvitè Bondye a enpoze men sou yo. Gen lòt ki entèlijan espirityèlman. Yo konprann epi yo di: “si mwen soufri avèk Li, mwen pral gouvènen avè Li.” (gade 2 Tim. 2:12).

Byeneme, si nou ka avanse nan sezon sa a avèk fidelite, avèk lonè, tankou moun ki gen pou rann kont bay Seyè a, fidèl nan pwosesis transfomasyon kè nou (pou mouri nan nou menn), fidèl nan vale yo ke nap travèse, konsa nap vin kalifye pou yon pi gwo benediksyon.

Chè byeneme, 2020 se yon ane espesyal pou moun ki pote bonjan atansyon pou tande Vwa Senyè a.
Sakrifis obeyisans kapab fè Vwa Bondye vini byen fò epi pi klè! Pandan ke nap reponn Vwa li, se pou nou jwenn Avansman ak Pèse tout tan kòm temwayaj nou! Se pou nou Lage tèt nou epi kwè nan bonte Li, answit gade kijan benediksyon syèl la ap vide sou ou epi sou tout kay nou pandan ane sa a!