Fòmasyon sou Lagè Espirityèl: 3e Pati – Grandi pou soti nan Dezobeyisans

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

August 18, 2020

(Men twazyèm tranch lan nan seri nou an sou “Fòmasyon ak antrennman sou Lagè Espirityèl”. Nou espere ke jwenn anpil benediksyon nan Premye Pati a  ak Dezyèm Pati a. Tanpri pataje avèk yon moun ke ou renmen epi se pou Bondye beni ou!)

Lòd ak estrikti epi sistèm pa pran sous yo sou latè: se syèl la ki pwodwi yo.

Lòd soti nan syèl la. Konsa, yon pitit Bondye ki vrèman rankontre Bondye, ap toujou pi plis renmen lòd avèk estrikti. Lè ou konprann Syèl la toutbon, pa sèlman kòm teyori oswa resèt teyoloji, men yon fason byen konkrèt, ouap vin genyen anpil pasyon pou sa yo rele Sistèm ak Estrikti.

Jounen jodi a, anachi aswa transgresyon ap grandi anpil.

Apot Jan te ekri 2 mil ane de sa, ” Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa “. (1 Jan 3: 4)

Jodi a lemond ap selebre peche, fè pwomosyon pou rebelyon nan non dwa moun, epi pwospere nan lawont ak dezonè. Malerezman, dezobeyisans sa a avèk dezobeyisans rive menm antre nan Legliz.

Zanmi, se difisil pou nou soumèt nou oswa obeyi. Yon kwayan dwe gade nan fon zantray li epi mande tèt li: èske lit mwen an, se pa menm dezobeyisans oswa transgresyon ki koute Adan ak Èv plas kote yo te ye a, nan bèl Jaden Eden, kote yo tap mache chak jou avèk Bondye?

Okenn nan nou pa entèlijan tankou Adan ak Èv, ni nou pa kapab konpare gras yo te genyen, kote yo te kouvri fizikman avèk Glwa Bondye, jounen, lè yo pèmèt yon konvèsasyon avèk Sèpan an, yo pèdi plas yo nan jaden an.

Zanmi, lènmi an toujou pale! Lap itilize tout taktik pou lakòz nou fè peche, paske li konnen ke dezobeyisans pral anpeche nou resevwa benediksyon Bondye.

Jezi te di: ” Mwen pap pale anpil ankò avè nou, paske chèf kap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen.” (Jan 14:30)

Konsa, gwo kesyon pou nou poze: Ki reklamasyon (ki pouvwa) ke lènmi an genyen sou mwen oswa sou ou?

Satan kontinye ap siveye sanrelach pou wè si li gen yon reklamasyon nan vi nou, si li ka temwaye yon manifestasyon ki kole ak anachi, dezobeyisans oswa transgresyon nan vi nou.

Nan priyè nou yo, se pou nou mande Senyè a:
· Èske kò oswa lachè nou kap aji?
· Èske nou anmè osinon sa padon pou lòt moun?
· Èske nou bloke pa pwòp enpòtans nou?
· Nou dezonore lòt moun?
· Èske nou detounen pa anachi pa dezobeyisans nan bouch nou?

Men yon bon nouvèl! Nou ka grandi pou soti nan anachi ak dezobeyisans!

SENK fason pou grandi soti nan dezobeyisans:

1. Trete epi kombat manti lespri òfelen. Se lespri ki vle fè ou santi ke pèsonn pa renmen ou, ke pèsonn pa enterese a oumenm ni nan lavi ou, ou dwe fè tout bagay pou kont ou tousèl. Ou vin ofansif paske ou santi ou pou kont ou, epi ou sou defansif paske ou kwè manti a ” ke pesonn pa renmen ou! ” Ou ka santi ou tankou yon òfelen, menm lè Bondye rele ou ” pitit li renmen anpil “. Kwè pawòl Bondye:Konsa, Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k’ap fè nou esklav pou n’ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa” (Rom 8:15).

2. Lè ou reyalize ke ou fè pati fanmi Bondye, se pou ou REZISTE kont tout bezwen pèfòmans pou santi ke yo renmen ou. Lènmi an pral souvan fè ou santi ou tankou ou pa te fè ase, se poutèt sa yo pa renmen ou. Menm nan legliz ou a, li pral eseye konvenk ou, ke yo renmen ou sèlman lè w ap sèvi avèk lè ou itil. Zanmi, ap toujou genyen yon lòt pou fè travay ou a pi byen. Pa konfonn sèvis avèk lanmou: ” Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la “. (1 Jan 4:10)

3. FRENNEN Sik Rejè lè ou pwoteje panse ou. Lè ou rete nan Pawòl Bondye, lavi ou ap kontinye grandi. Lè manke lapè nan jaden ou, se yon siy ke ou te pèmèt Sèpan an pale avè w. Zanmi, dyab la se yon MANTÈ! Plis ou pwoteje lespri ou, plis ou konnen tèt ou pi fon, se plis ou pral kapab kanpe epi reziste 2 pye fèm. Idantite ou se pa sa ke ou fè, men nan ki Moun ou anrasine. Wi, gen Lanmou pou ou:  Bondye te montre konbyen li renmen nou lè Li voye sèl Pitit li a sou latè pou nou ka gen lavi etènèl nan li “. (1 Jan 4: 9)

4. SWANYE kwasans emosyonèl ak mantal ou. Nou pa bezwen yon eta despri tèlman espirityèl, yon lespri tèlman selès ke ou pa gen okenn itilizasyon sou latè. Glwa Bondye manifeste nan veso oswa vaz ki sou latè. Kantite glwa ou kapab pote pral depann de kapasite emosyonèl, mantal epi espirityèl ou. Rete emosyonèlman fèm epi chèche èd nan men lidè ou yo konsènen zòn feblès ou yo: Obeyi lidè espirityèl ou yo, epi fè sa yo di. Travay yo se pou veye sou nanm nou, epi yo responsab devan Bondye . (Ebre 13:17)

5. Montre yon lanmou ENTANSYONÈL pou lòt moun. Montre lanmou ak mizèrikòd bay lòt moun nan fason Kris te montre lanmou ak mizèrikòd pou ou. Ou pa ka espere pran swen mouton yo si ou pa ka renmen. Avèk doulè, Jezi vin bò kote Pyè, li mande: “Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen (Jan 21: 15-17). Seyè a mande ankò, yon lòt fwa, yon twazyèm fwa. Poukisa Jezi te mande twa fwa? Jezi te vle ke Pyè dwe emosyonèlman estab, pou Pyè kapab renmen legliz jou aprè ak jou .. Èske Jezi ka fè ou konfyans? Èske ou fiks nan gras Bondye bay la?

Chè kwayan, nou dwe grandi nan matirite lè nou refize dezobeyisans!

Nou swete ou pa gen okenn batay nan kay ou! Se pou ou genyen lagras avèk kapasite pou onore konjwen ou, pou renmen epi leve pitit ou yo avèk otorite epi tandrès. Se pou ou gen lagras pou montre mizèrikòd pou frè ou ak sè ou. Nou swetw ou ka pote lòd nan chak sitiyasyon pandan wap opere selon sistèm syèl la, pou mache de glwa an glwa!

Se pou nou fè Wayòm Bondye a avanse paske nou se limyè ki dwe klere epi briye jounen jodi a, pou bay Bondye Glwa!

Nou espere ou byen pwofite 3e Pati nan seri sa a sou “Antrenman sou lagè espirityèl”.

Reviye Nasyon yo ankouraje ou pataje blòg sa a avèk yon zanmi. Souple, gaye pawòl la ki preche epi disponib nan sèt lang sa yo! Tanpri, ale sou Kanal Revive Nations pou jwenn videyo legliz sou entènèt nan Lang Angle, Hindi, Punjab, Malayalum, Franse, Kreyòl epi Italyen! Si ou konnen yon moun ke legliz ka beni nan lang natifnatal yo, nou envite ou pou pataje avèk li tèks sa yo ak video yo tou… Pwofite byen!