EKILIB NOU [Pati 5]: ANTRÈNMAN POU RANFÒSE KAPASITE NOU

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

February 20, 2021

Wow, zanmi lektè, nou espere ke ou apresye seri sa a sou Ekilib nou! Seri sa a te lanse pandan yon sezon 31 jou lapriyè kote kwayan nan anpil nasyon yo te konekte avèk « Reveye Nasyon yo » Legliz Emmanuel nan Montreal. Annou fè yon ti revizyon sou 4 premye pati seri sa a: · Ekilib se yon bagay esansyèl pou chak kwayan. (gade 1e Pati a : Ekilib – Byen Balanse nanm ou ak Lespri ou). · Lènmi an atake Ekilib sa a, men Senyè a itilize sa kòm yon opòtinite pou ranfòse kapasite ou pou reponn, se yon pratik ideyal pou grandi (gade 2e Pati a : Ekilib – Yon Pouswit konstan epi sèten, menm si gen opozisyon). · Pou ou kapab viv ekilibre kòm yon kwayan, nanm ou dwe soumèt li, epi Lespri dwe dirije ou (gade 3e Pati a : JEZIKRI: se bonjan EKILIB la). · Twòp enfòmasyon sansoryèl, ki soti kote nap viv la, ap nouri epi bombade nanm nou avèk yon pakèt mesaj, men se laPawòl, lapriyè, avèk adorasyon ki dwe nouri Lespri nou. Anverite zanmi mwen : Sa ou manje, se sa ou ye! (gade 4e Pati a: Se Lespri ki dwe dirije nou, Nanm fèt pou swiv Lespri).

Jodi a, n’ap pale sou Antrènman pou bati epi ranfòse kapasite’w pou kapab kenbe Ekilib ou.

Annou imajine ke ou kenbe yon gwo plato (yon gwo kabare) nan men dwat ou. Annou mete kèk atik oswa kèk pwa nan plato sa a. Petèt ke pwa sa a ka konsène timoun ou yo, oswa lekòl la. Koulye a, ajoute kèk lòt bagay anplis nan plato a, tankou travay ou, petèt ministè ou nan legliz la. Èske plato a ranpli? Èske ou kapab kontinye kenbe plato a? Petèt ou kapab. Men answit, kisa kap pase lè yon lòt timoun vin ajoute nan fanmi an, oswa gen yon nesesite pou ou retounen lekòl? Oswa menm, yon pwomosyon nan travay ou mande pou ou rete travay pi lontan? Kisa kap pase nan plato a? Èske pwa sa yo ap baskile plato a? Èske ou santi ke tout bagay pral kraze? Èske ou santi ke ou twò chaje? Ou santi ke ou debòde oswa depase?

An verite, ekspeyans sa yo fè ou vini pifò.

Byenveni nan antrènman pou ranfòse kapasite espirityèl ou. Bondye vle pitit Li yo vin pifò epi fason Li souvan fè sa, se lè Li ajoute plis pwa nan plato ou a, konsa ou ap grandi nan kapasite ou pou kenbe ou jere menm plis. Lè yon bagay nouvo ajoute nan lavi ou, nanm ou kouri kòmanse pran devan pou li dirije. Byeneme, ou dwe pito ralanti, poze san ou epi mete nanm chita an repo. Kantite sa ou ka jere (ou ka sipòte) depann antyèman sou fason ou antrene lespri ou navige nan favè Bondye pou yon chaj pi gwo, pou yon pi gwo misyon. Pran yon bon souf epi di Seyè a : “M’ap mete konfyans mwen nan ou!” Zanmi, lè ou refize limit ke nanm ou enpoze’w epi ke ou chache toutbon vre Bondye nou an ki pa gen okenn limit, se lè sa a lespri ou ap grandi epi vini pifò! Pou aprann plis sou antrènman pou ranfòse kapasite espirityè ou, alò randevou pou ale antrene nan jimnazyòm (Gym) Bondye a!