7 JOUNEN DEKOUVÈT – Jou 4: Reveye sans espirityèl nou yo

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

April 10, 2021

Bonjou, zanmi GTH yo! Nou espere ou ap pwofite seri sa a sou 7 Jounen Dekouvèt pou chanje lavi nou, pandan nap dekouvri ki jan nanm nou ak lespri nou konekte avèk Bondye. Nan 4e jou sa a, Pwofèt Shyju Mathew, Fondatè Revive Nations, kontinye debale trezò yo ki nan liv Travay Apot 27, li montre nou idantifye kijan lespri Pòl te dirije nan sikonstans ekstrèmman difisil sa a. Si wap fè fas a tanpèt nan lavi ou jodi a, donk, PAWOL sa a se pou ou! Si wap jwi yon lanmè kalm, nou di Bondye mèsi, nou espère ke Pawòl ekipman sa a ap beni ou pou ou mache nan Lespri Bondye kòm yon vrè pitit Bondye!

Zanmi, nan mwa Oktòb pase a (ane 2020), fanmi Reveye Nasyon yo te rasanble sou entènèt atravè anpil peyi, pandan 31 Jou Semans. Yon sèl mo kle te fè etabli prensip sa a:

Pou yon pitit Bondye gen siksè, nou dwe toujou kenbe twa pwen fokal sa yo:

1. Kenbe ekilib nan lavi nou.
2. Kenbe je nou kikse sou desten lavi nou nan Bondye.
3. Kenbe espwa konstan nan JeziKris.

Konsa, annou gade ankò sèn yo ki te pase nan Travay Apot 27 : Lè ni solèy ni zetwal pa parèt pandan plizyè jou, epi pa gen okenn ti tanpèt ki kalme, nou te finalman abandone tout espwa pou sove lavi nou. (vèsè 20)

Aprè 13 jou fènwa nèt sou lanmè a, Pòl, gwo Gason Bondye a, te pèdi espwa pou li siviv nan tanpèt la. Menm si Pòl pa janm pèdi vizyon sou apèl li, nan jijman sa a, Pòl pèdi ekilib li.

Koulye a, Apot Pòl pat yon kwayan òdinè. Ekriven sa a ki ekri pifò liv nan Nouvo Testaman te gen eksperyans Sinatirèl chak jou, deplase nan siy epi bèl mèvèy, li te dirije pa Lespri Bondye a. Men, nonm sa a nan ran espirityèl ak wotè, apre jou nan fènwa, konfese “Nou te pèdi tout espwa pou sove lavi nou!” (vèsè 20). Nanm Pòl te rive nan yon kote ki dezespere; li pat kapab imaje okenn èd nan men Seyè a. Answit, ekriti bib la di, “jou lannwit sa a, yon zanj Seyè a te vizite Pòl.” (vs 23)

Petèt, tankou mwen, wap mande, pouki sa zanj lan te tann tout tan sa a? Èske tanpèt la pat ase move pou jistifye yon entèvansyon imedyat?

Zanmi, zanj lan te rete tann pou Pòl abandonen tèt li, abandonen nanm li, kote nanm li te vin antre nan yon silans, kote ki pa gen okenn kriye : “poukisa Bondye”, kote ki pa gen kris kolè, ki kote nanm nan imilye devan Bondye ki gen tout pouvwa epi kote lespri li kapab tande.

Nan 14e Jou a, Pòl te anonse pasaje yo, “Yè oswa, Bondye map sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote mwen” (vs 23)

Pòl te deklare 2 bagay trè enpòtan, ki te yon lòt fwa ankò, revelasyon nan nonm Bondye a, malgre tanpèt la :

Mwen konnen kiyès mwen ye epi tou mwen konnen kiyès mwen ap sèvi.

Ekilib la te retabli. Lespri li te kapab dirije li, yon lòt fwa ankò.

Lè li ankre oswa mare espwa li nan Kris la, nanm Pòl sispann pale de tout bagay ke sans li yo te montre li, epi lespri li rete an repo nan Bondye yon lòt fwa ankò. Soti nan kote sa a, nan lespri Pòl mete konfyans Bondye, li ap tann Bondye, li espere nan Bondye, Pòl te kapab lè sa a, kondwi tout moun bò kote li tounen nan sekirite.

Zanmi, espwa nou nan Kris la dwe yon bagay pi plis pase yon kwayans. Li dwe yon eksperyans byen reyèl. Li dwe yon bagay ke nou ka manyen. Li dwe yon bagay ki reyèl ase pou rale nou soti lè nou pèdi ekilib nan tanpèt yo ki nan lavi nou.

Èske ou ka vini nan yon nivo ke konfyans ou nan Jezi vin tèlman anrasine, ke kounye a ou pa depann ni sou zanmi oswa ni sou fanmi pou ede ou avanse, men wap devlope atizay (zouti) pou tande Vwa Bondye, pou aprann apiye ou sou Jezi, epi pou aprann dekonekte nanm ou pou li pa detounen lespri a?

Revive Nations Youtube gen sèvis chak semèn sou entènèt (dimanch ak mèkredi). Nou kontan envite ou vin rankontre nou nan Lespri sou entènèt pou grandi, grandi, grandi nan bèl Glwa Bondye toupwuisan nou an!