7 JOUNEN DEKOUVÈT – Jou 6: Mache sou Dlo

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

April 14, 2021

Bonjou zanmi lektè GTH yo! Nou espere ke lavi ou chanje avèk mesaj Jounen Dekouvèt yo! Si ou rate yon jou, jis ale sou sit entènèt Guarding the Heart pou ou ka ratrape jounen ke’w manke a. Ayè, nou te wè domèn zanj yo, yon fason kle ke Bondye kominike epi ede pitit Li yo. Jodi a, nap wè kouman pou rive rezoud lagè ki genyen ant nanm nan ak lespri a, yon lit ki rete sèten pandan nap mache tè sa a. Apiye tou pre pawòl sa a ki bay lavi, preche pa Pwofèt Shyju Mathew, sèvitè Bondye chwazi kap dirije Ministè Revive Nations, ansanm avèk Byeneme Pwofetèz nou an Tiny Mathew. Se pou lavi nou chanje pandan nap pwan ansèyman pwisan sa a epi dekouvri pouvwa Sans nou yo pou debloke lespri nou epi answit aliyen nanm nou!

Anpil fwa, lè yon moun di, “Mwen wè“, oswa “Mwen santi sa nan Lespri“, oswa “Mwen tande sa nan Lespri “, moun yo pa bay manti. Men, kèlkeswa sa moun yo resevwa, nanm nan filtre tout enfòmasyon moun yo resevwa. Pou pifò moun ki nan Legliz la, se nanm nan ki ap mennen. Sa mande kwayan an yon gwo konpreyansyon pou li avanse e rive soti nan yon kote (yon nivo) ki se domèn nanm konplètman pati epi kite plas la, kounye a, bay Lespri a ki anndan pou li dirije nou. Gras sa a, lektè GTH, se pou ou li ye, pandan ke ou ap grandi entansyonèlman nan verite seri sa a.

Pou yon kwayan, konfli nan fason nap mache avèk Bondye rive lè lespri nou gen enfòmasyon, men ke nanm nou toujou ap domine.

Annou pran ekzanp gwo bondisman Apot Pyè a, avèk selèb mach Apot Pyè sou dlo lak la. Pyè te fikse zye li sou Jezi, li te egzèse lafwa li. Nanm Pyè, ki te santi van an epi doulè nan bra li, tansyon avèk zaviwon yo, dwe te soulaje anpil lè yo wè Jezi nan batay manch long disip yo kont tanpèt la.

Matye 14: 28, di, Pyè reponn li, “Seyè, si se ou menm, kòmande pou mwen vin jwenn ou sou dlo a.”

Se konsa, lè sa a, Pyè tande pawòl Seyè Jezi a, “Vini non! Mache sou dlo a”.

Koulye a, Pyè tande pawòl Seyè a nan lespri li. Lepli vit ke li tande kòmandman an, Pyè soti sou dlo a.

Konfli a rive lè nanm Pyè, wè vag yo, santi van an, panse sou pwofondè nan lak la, Pyè kòmanse koule.

Epi Pyè pati, li komanse nwaye jis devan Jezi!

Zanmi mwen, lè nanm ou anvayi lespri ou, menm nan prezans Jezi, ou kapab koule.

Jis yon ti moman anvan sa, Jezi te kanpe ap priye sou tèt mòn lan, li te mache desann, li te inyore lefèt ke pa te gen bato, epi li te mache dwat devan disip li yo sou dlo a. Li pat kesyon pou deklare “nan Non pwisan Senyè Jezi, kounye a mwen pral mache sou dlo a”! Pa te gen okenn monte-desann ant domèn nanm avèk domèn lespri a. Jezi, Seyè nou an te fonksyone nan kapasite li kòm yon Lespri san yon dezyèm panse; Li te mache e li te kòmanse travèse dlo yo, tankou si se te tè sèk.

Sa te kapab rive sèlman, paske Jezi te fonksyone nan tout kapasite Li kòm yon lespri.

Kòm yon pitit Bondye, nou bezwen poze tèt nou kesyon sa a : nan ki mezi nou fonksyone nan tout kapasite nou kòm « yon èt lespri » sou latè?

Se pou nou fè anpil atansyon a lespri nou, epi tou se pou nou fè atansyon anpil sou lefèt ke domèn nanm ou ap eseye domine domèn lespri ou. Chak jou, chak minit nan semèn sa a, Senyè a ap ban nou anpil okazyon pou simonte pati sa a nan nanm nou. Se pou Seyè a fè ou gras pou rive gouvène nanm ou, pou ou ka fonksyone nan yon pi gwo gouvènans avèk lespri ou epi pou nou menm, Legliz la “fè menm plis“, jan Seyè nou an te kòmande!

Se pou Bondye beni ou!