7 JOUNEN DEKOUVÈT – Jou 7: Dekode kretyen revivalis yo

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

April 16, 2021

Bonjou lektè GTH yo! Kisa Danyèl, Evan Roberts epi Legliz Lafen dètan genyen an komen? Ki bagay sa gen pou wè avèk lespri epi nanm yon kwayan? Atache senti ou byen, epi annou pwofite dènye segman sa a konsènan 7 Jou Dekouvèt yo sou Sans (pòtay) nanm ak lespri prepare pa Fondatè Revive Nations, Pwofèt Shyju Matye. Pataje mesaj sa a avèk yon zanmi, epi pou ou anwole kòm yon pati nan lame revivalis la ki pral pran nasyon yo nan sezon Lafendètan sa a!

Zanmi mwen, lè ou wè yon Revivalist sou 2 jenou li ap lapriyè, ou ka wè dlo nan je li epi ou ap mande tèt ou : Èske emosyon sa yo ap fè Bondye bouje ? Annou gade ankò. Èske se dlo nan je, oswa yon pouswit ki pèsistan ki pouse Bondye aji? Answit, annou konsidere kèk lòt aspè, èske se te jis yon sèl jou avèk dlo nan je, epi Seyè-a manifeste Li epi revèy la eklate? Nan ka Evan Roberts, nan Gwo mouvman revèy nan peyi « de Galles, Rwayòm ini », li te pase yon peryòd 10 zan nan lapriyè, mwa apre mwa, depi byen bonè nan maten, avèk Evan Roberts kap kriye nan pye Seyè a ki anonse mouvman Bondye a.

Annou gade Danyèl. Danyèl, jou li te ale kote Senyè a nan lapriyè, menm jou sa a, yo te voye repons bay Danyèl (gade nan Danyèl chapit 10). Nan premye Jou a, yo te voye repons pou li (menm si zanj lan te fè lagè pandan 21 jou anvan mesaj la te rive jwenn Danyèl). Kounye a, ou ka kòmanse mande, pouki sa kriye avèk dlo nan je yon moun pran 6 mwa, aloske yon lòt moun tou senpleman bese jenou li nan lapriyè, epi déjà, touswit syèl la te deja voye repons lan?

Zanmi, nou tout gen aksè nan syèl la, men se pa tout moun ki kapab deplase syèl la nan menm kapasite. Pandan nap aprann respé pou moun ki kapab deplase syèl la, nou ap aprann tou kle yo pou nou rive fè menm bagay la tou.

Konsa, kisa sa mande pou rive fè Syèl bouje pou yon revèy eklate? Yon rèl ki fèt avèk lanbisyon, “Mwen vle wè revèy, mwen vle wè mirak, mwen vle ranpli estad yo avèk moun” – yon kriye konsa pap jwenn repons. Si wap kriye pou revèy, men dezi ou se pou vin genyen legliz ki pi popilè pami tout legliz yo, yon kriye konsa pa pral jwenn yon repons. Gen kèk moun ki te priye pou menm bagay la pandan plizyè dekad, men yon pa gen okenn repons! Poukisa, zanmi? Paske gen bagay nan ou ki dwe fonn epi disparèt lwen, bagay sa yo dwe tonbe lwen nanm ou epi Bondye ap rete tann jiskaske chak bagay sa yo fonn e disparèt nan domèn nanm ou, anvan Li ba ou yon repons.

Chè byenem, revivalis yo se senpleman moun ki te pèsiste nan imilite jiskaske syèl la louvri. Apati yon kote ki gen lapè (kè poze), ou jwenn Ekilib. Lè ou rive nan yon kote ki gen repo pafèt, dirije pa lespri ou, nanm ou abandone li totalman bay Bondye.

Revivalist Evan Roberts te rive nan yon plas repo, li te kapab santi lè moun yo te fasone byen poli pa Lespri Bondye. Li ka antre, gade moun yo epi li deja wè ke yo te pare pou resevwa Bondye. Lè sa a, san anbisyon, san okenn lòt ajanda pase syèl la, Roberts ta di, “Ou pa bezwen mwen ‘” epi li mache soti. Nan moman sa a ke li ap mache soti, tout bèl Glwa Bondye tonbe pandan reyinyon an! Apresa, ka gen sèvis pou plizyè jou apre li te fin kite! Evan Roberts te aprann idantifye lè yon gwoup te konplètman remèt li bay Bondye paske li te konnen reyalite sa a, nan pwòp pouswit li nan syèl la.

Mond lan jodi-a ap tann pou yon Legliz leve kanpe tankou legliz sa yo. Èske ou vle pouswiv Seyè a, pou’w depase nanm ou, epi remèt Li tèt ou pou laglwa Senyè a?

Pou bay Ministè bourad, ou ka bati yon lotèl ou oswa ale simen sou sit Entènèt Ministè Revive Nations. Nou vle di ou mèsi! Nou priye pou Bondye beni anpil atravè 7 jounen Dekouvèt yo. Souple, pataje mesaj sa avèk yon zanmi ke ou renmen. Se pou dife revèy syèl la boule klere nan tout nasyon nou yo!