ANRASINE (Pati 1): BONDYE SONJE RASIN YO

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

April 26, 2021

Zanmi, si ou ap swiv chèn «Revive Nations » sou Youtube, ou ka déjà konnen ke ane sa a konsantre espesyalman sou ANRASINMAN KWAYAN an! Tankou mwen, ou ta ka mande tèt ou, kisa tout sa vle di pou lavi mwen ak moun lakay mwen an? Pou reponn gwo kesyon sa a, nou envite ou gade Sèvis sware 31 desanm ane 2020, kote Pwofèt Shyju te anonse Pawòl Seyè a pou ane 2021 sa a, sou tèm ANRASINE.

Ala yon bèl temwayaj, fason Pwofèt Shyju te gen yon rankont etonan avèk Bondye, epi apati yon gwo pwofondè, yon tèm pwisan konsènan kwasans nou, antanke KWAYAN ANRASINE, te relache pou kò Kris la! Lektè GTH, nou pral fouye pi fon antanke kwayan Anrasine, ke nou chak kapab grandi pi FÒ, pi PWOFON epi pi GRAN. Konsa, tanpri, pwofite epi pataje seri enteresan sa a avèk yon zanmi, pandan nou kòmanse vwayaj sa a ansanm avèk Premye Pati a: BONDYE SONJE RASIN YO.

Nan mitan kretyen yo, Izayi (ke yo rele tou Jese) se yon non byen popilè pou ti gason tankou pou tifi. Men, Izayi pat yon pwofèt oswa yon pastè popilè. Li pat genyen okenn batay ke nou konnen, ni konkeri okenn nasyon. Yo rekonèt Izayi sèlman pou yon sèl bagay: li te papa David.

Pèspektiv Bondye sou Izayii enpòtan anpil pou konprann Rasin yo:

Nou li nan liv Ezayi 11: 1 Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk Izayi, se konsa tou yon Wa pral soti nan ras David la.

Rete tann yon minit – Èske se pa Wa David nou tout konnen, yon wa vanyan sòlda ki touye lyon, bat Filisten yo epi yon adoratè pasyone devan Seyè a?

Men, Bondye te sonje Izayi.

Bondye sonje rasin yo!

Antanke moun, nou souvan mezire lavi selon sa nou wè. Nou mesire siksè atravè yon machin nèf, oswa bèl kay, oswa pitit, petèt yon nouvo travay oswa yon ministè, tout se fwi ki deyò ke nou ka wè. Men, rasin nou yo, sa ki ankre nou, ki nouri lavi nou, pwodui plis, poutan jeneralman yo pa ni wè oswa ni diskite de yo, nou antere yo byen fon, epi yo rete enkoni, menm pou nou. Pwobableman ou ka dakò ke nan legliz, yo selebre fwi ke moun rive wè, men yo pa jeneralman remake rasin yo.

Men bagay yo pa konsa pou ane sa a! Nan 2021, Bondye ap anseye nou kijan pou ranfòse rasin nou yo, pou dè dizèn ane pase, Bondye ap sonje rasin nou yo avèk chwa nou yo, anvan pitit nou yo epi jenerasyon kap vini yo.

Genyen rasin ki fò esansyèl anpil pou yon kwasans kontinyèl.

Annou konsidere syans nan yon pye bwa: si ou wè yon pye bwa mayifik, nenpòt arborist (ekspè pye bwa) ap di ou, ke sante nou wè nan pyebwa sa a depann antyèman sou pwofondè rasin li yo ki grandi desann byen fon anba tè a. Tout bonte frwi ak fèy yo ke ou wè anwo tè a se yon manifestasyon vitalite rasin yo jwenn anba tè a. Kwasans kache nan rasin yo esansyèl pou reyalize fwi ki an sante.

Menm si tout moun selebre wa David, pou gwo lwanj ak adorasyon li yo, pou bèl sòm li te ekri yo, Men anreyalite, David te yon semans yon pitit Izayi. San yon Izayi, pa tap gen wa David. Epi Bondye te sonje Izayi. Li te pwomèt atravè pwofèt Ezayi, ke yon boujon ap pouse soti nan kòd lonbrik Izayi, yon boujon ta soti nan chouk pye bwa a (Izayi), answit yon branch, epi menm finalman yon fwi (Wa David).

Koulye a, imajine yon pye bwa koupe ki pa gen okenn kwasans, li chita pou kont li nan yon forè. Plizyè Ane, answit deseni pase, epi li sanble tankou pa gen anyen kap janm soti nan chouk pye bwa sa a. Men, Bondye di konsa: – Men yon ti boujon soti nan pye Izayi a. Yon branch nan rasin li va bay fwi.

Plizyè syèk te fin pase aprè Izayi ak David, yon jèn boujon parèt, se Senyè Jezikri, Mesi a, konsa pwomès Bondye a te akonpli, atravè yon fanmi ki gen Rasin enb, nan Betleyèm, nan vil David la.

Jodi a, ou menm ak mwen, nou grefe nan pye rezen Kris la, nou kontinye pote fwi nan Kris, Pawòl la, jan Bondye te pwomèt la depi plizyè milye ane!

Chè zanmi, an nou grandi pi fon nan zafè Bondye yo, se pou nou vin pi fò nan krent pou Bondye, se pou nou vin pi gran nan karaktè nou pandan nap konsantre nou sou rasin nou epi se pou vini lamarye ke Bondye pral vante tèt li! Se pou lavi kache nou an rive manifeste yon pi gwo fwi, gras a pouvwa Pawòl sa a, ANRASINE, pou afekte anpil jenerasyon aprè nou, paske nou konnen, Bondye sonje rasin yo!

Pou tande tout prèch pwofèt Shyju, fondatè Revive Nations, nan divès lang, jis klike sou lyen sa yo: angle, franse, panyòl, italyen, telugu.

Se pou ou jwenn anpil benediksyon pandan wap pibliye bon nouvèl la lè ou pataje epi envite yon zanmi nan seri sa a. Se pou yo menm tou benefisye et vini pi rich avèk Pawòl pwisan sa a pou 2021!