ANRASINE (Pati 2): Gen Krentif pou Seyè a malgre COVID

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

May 3, 2021

Chè zanmi GTH, nou espere ou pwofite Pawòl pwisan ke Pwofèt Shyju relache nan jou premye Janvye 2021 sou sijè sa a: ANRASINE! Nan Premye Pati nan seri a, nou te aprann kijan Bondye sonje Rasin lan! Jodi a, nan Dezyèm Pati seri a, nou pral dekouvwi kijan pou pwoteje kwayan an epi pou rasin li grandi pouse pi fon atravè krentif pou Seyè a! Pwoche bò kote nou, pou nou tande bon konprann soti nan syèl la avèk Pawòl pou jounen jodi-a.

Jounen jodia gen yon Mo ki alamòd atravè tout peyi nan lemond antye, se COVID. Se yon pandemi mondyal depi mas 2020, ki pote enstabilite mondyal sou yon nivo san parèy. Kòm yon pitit Bondye, ou ka mande tèt ou : ki sa repons nou ta dwe ye?

Lènmi an sanble ap fè travay siplemantè pou kreye laperèz.

Medya sosyal yo ap bonbade nou avèk avètisman, nouvèl sou blokaj frontyè epi temwanyaj divès nasyon an difikilte sou tout kontinan yo. Èske nou panike akoz imaj yo nou wè chak jou ? Kijan nou ka rive kenbe krentif nou pou Senyè a? Kijan nou ka fè konfyans a yon Bondye envizib ke moun pa wè, pandan ke nanm nou ap bonbade avèk imaj maladi yo epi avèk lapenn ki devan je nou?

Ebre 11: 1 deklare “Koulye a, lafwa nan Bondye se asirans fèm pou bagay nou espere, konviksyon pou bagay sa yo pa ka wè.” Ou wè, lafwa se yon sibstans ke nou pa wè, menm jan avèk rasin nan gwo anpwofondè nan yon vye tè mwazi byen lwen anba yon gwo pye bwa imans. Nan peryòd tribilasyon, li ka fasil pou nou pèdi espwa nou epi pèdi lafwa, ou wè lè pèsekisyon an reyèl epi tribilasyon sènen nou toupatou. Yon repons anrasine egzalte fòs Bondye olye de fòs ke nou wè nan lit aktyèl sa a.

Nan liv Matye 10:28, Jezi di ” Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se pou nou gen pito krentif pou Bondye, paske Li menm Li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.

Gen krentif pou Senyè a ki ka detwi tou de kò a avèk nanm nan! Nan sezon sa a, ou dwe yon kwayan byen anrasine nan Jezi Kris! Tankou Kris te egzòte, nou dwe gen krentif pito pou Bondye, non pa krentif pou Tizòm.

Nou dwe krent Bondye sèlman.

Sòm premye montre nou chwa yon kwayan kap viv anrasinen devan Bondye –

1: Benediksyon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ni ki pa kanpe sou chemen moun k’ap fè sa ki mal, ni ki pa chita ansanm ak moun k’ap pase Bondye nan betiz.

Sètènman, mechan yo gen anpil espas aeryen. Yon vwazen, ki pa respekte Bondye, ka chache konseye ou, zanmi an ap pouse pòtay la, san okenn respè pou Bondye, men toujou nan entansyon pou pataje konsèy gratis avèk ou! Kouri lwen vwa sa yo!

2: Men, men ki pran tout plezi li nan lalwa Seyè a, li ap repase (medite) lwa a nan tèt li lajounen kou lannwit.

Yon moun espirityèl chwazi Bondye, li pran plezi nan Seyè a epi nan chemen Seyè a, lajounen kou lannwit. Eske ou pran plezi nan lalwa Seyè a? Senyè a gen sèten atant ak dezi pou nou. Èske w pran plezi nan pwòp dezi ou yo oswa nan sa ki fè Seyè a plezi! Èske ou medite lajounen kou lannwit sou Pawòl Li ? Pandan w ap pran plezi nan fason Li, epi medite sou Pawòl li, lajounen kou lannwit, rasin ou pral sètènman fleri!

Salmis la dekri reyalite nou antanke kwayan anrasine nan Bondye kòm pwosperite konstan ki toujou pote fwi.

3. Li tankou yon pyebwa ki plante bò kanal dlo, li donnen lè sezon li rive, epi fèy li yo pap janm fennen. Nan tout sa li fè, li soti byen.

Zanmi, yon kwayan ki rete anrasine nan Pawòl Bondye, kap medite sou Pawòl Bondye lajounen kou lannwit, ap manifeste yon reyalite, kèlkeswa sechrès ou lot pwoblèm aktyèl, fèy li yo pap fennen!

Si ou anrasine tankou yon bèl gwo pye bwadchenn, ke gwo van pa ka branle, lè tanpèt yo vini, ou pap bezwen fè atansyon a gwo tanpèt yo.

Lè nou gen krentif pou Seyè a epi nou konsantre nou sou Pawòl li, kèlkeswa sa lènmi an te prepare, Bondye deja konnen epi Senyè a deja ekipe nou pou simonte epi ranpote laviktwa!

Sonje byen, nan tout bagay, Bondye pa janm sezi!

Lè moun ap fè konplo, laBib di nan Sòm 2 vèsè 4, “Bondye chita nan syèl la epi Li ap ri “. Se konsa, kèlkeswa sa kap pase, pandan moman difisil sa yo, rete anrasine nan Seyè a.

Semèn sa a, ou pral entansyonèlman ranmase Bib la? Èske w ap imilye kè ou epi li yon ti kras pi plis pase jan ou abitye li Pawol la? Èske w ap pran tan bese jenou ou devan Bondye nan syèl la? Èske, yon lòt fwa ankò, ou va konnen krent pou Senyè a?

Zanmi mwen, antanke moun Bondye, fè yon chwa entansyonèl, fè lide ou epi deklare, “Bondye, mwen pral tounen yon pye bwa byen ANRASINE!”

Se pou nou reziste kont tout sa ki mal, libere tèt nou anba chaj peche kap rale nou trennen desann, epi devan gwo nwaj temwen kap gade nou yo, se pou nou kouri nan direksyon pri vokasyon ke Li te rele nou an, paske Li Fidèl! Sila a ki rele nou an Fidèl !! Nan jounen jodi a, se pou ou depann sou Seyè a pi plis pase tout tan anvan yo!

Mwen mande pou Bondye ki bay kè poze a, pou Li fè nou favè pou nou viv pou Li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li pap jwenn nou avèk ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou. Bondye ki rele nou an va siman fè sa pou nou, paske Li Fidèl epi Li toujou kenbe pawòl Li. (1 Tesalonisyen 5:23 -24)

Rete anrasinen nan Kris epi se pou ou resevwa benediksyon wòdmezi ki depase sa ou pat janm imajine!

Nou espere ou te pwofite dezyèm tranch nan seri sa a sou ANRASINE nan Bondye. Pou jwenn tout predikasyon pwofèt Shyju Mathew yo, klike sou lyen sa yo selon Lang ki enterese ou: Anglè, Franse, Italyen epi Panyòl! Tanpri, pataje mesaj sa a avèk yon zanmi. Nou priye pou benediksyon Pawòl pwisan sa a chanje nasyon an.