ANRASINE (Pati 3): ANRASINE BÒ KOURAN DLO LARIVYÈ YO

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

May 18, 2021

Chè Zanmi GTH, 2021 se Ane pou’n ANRASINE nou nan Senyè a! Nan Twazèym Pati seri sa a, nou pral etidye yon Pawòl destine pou jounen jodia, preche pa Fondatè Revive Nations, Pwofèt Shyju Mathew, sou manifestasyon Bondye nan lavi nou! Si ou rate premye Pati a oswa dezyèm Pati a, jis ale klike sou lyen entènèt GTH (Guarding the heart : veye sou Kè nou) pou pwofite tout seri ak piblikasyon pase yo!

Sòm 1: 3 di « Li tankou yon pyebwa ki plante bò kouran dlo yo ki donnen nan sezon li, epi fèy li yo pa fennen. Nan tout sa li fè, li pwospere, li reyisi. »

Lè ou li sa a, ou imajine yon pyebwa ki nan yon forè? Yon pyebwa plante nan yon plèn? Oswa petèt ou te disène ke se yon pyebwa ki nan domèn lespri? Souvan langaj natirèl la fè on bon paralèl avèk sa ki espirityèl. Pou bagay ki nan domèn Lespri, fason ke Bondye revele tèt Li ba ou, se fason ou pral resevwa Senyè a.

Bondye revele diferan aspè sou idantite Li sou Nati Li (kilès Li ye), nan diferan moman, bay plizyè moun atravè Ekriti Bib la. Pou Abraram, Bondye te demontre tèt li tankou Jewova Jireh, Seyè Founisè ki bay, lè Li te ofri Abraram yon belye mouton pou ramplase Izarak sou lotèl la (Jen. 22:14). Bondye te revele tèt li kòm Jewova Rapha bay Moyiz, Seyè a ki Geri, lè Li te geri dlo Mara yo (Egz. 15:26) epi apre sa, Jéhovah Nissi, Senyè a se Banyè nou, apre pèp Izrayèl la te bat Amalèk yo supernaturalman (Egz. 17: 15). Wa David te byen konnen Senyè a sou 2 fòm : kòm Bèje li (Ps. 23) epi tou kòm Pwotèktè li (2 Sam. 22, Ps. 59), answit li te viv rekonesan pou favè sa a jouk dènye souf li.

Pou chak moun, revelasyon li reswa sou nati Bondye tounen manifestasyon Bondye nan lavi yo.

Lè Abraram te dekouvri Bondye kòm Jewova Jire, richès Abraram te miltipliye anpil. Lè Bondye te revele tèt li kòm Jewova Ropha, Izrayelit yo te resevwa gerizon nan men Bondye Gerizon pou sila yo ki gen konfyans nan Li. Kounye a, se Bondye ki Geri epi Founisè a, se Bèje nou ak pwoteksyon nou? Oh, wi! Men, revelasyon chak moun jwen, sa vin tounen yon reyalite ki manifeste nan la vi nou.

Si ou etidye fòs ak siksè pyebwa sa a ke nou jwenn nan Sòm Pemye, ou ka remake li pa plante bò yon rivyè, men pyebwa sa a plante rivyè yo. Lè yon pyebwa plante bò yon rivyè nan domèn natirèl, gen yon posibilite kanmenm pou rivyè sa a seche. Men, rezon ki fè pyebwa sa a (ki nan Sòm premye) pa limite a yon sezon, se paske pyebwa sa a pa anrasine nan yon rivyè natirèl, men pyebwa sa a anrasine nan rivyè espirityèl yo. Se konsa, nou bezwen poze kesyon an, ki jan nou ka plante bò kouran rivyè yo?

Pawòl Bondye toujou genyen repons la. Bondye sa a ke nou ap sèvi, li pa yon nonm. Lang lSenyè a diferan! Lè Lespri a pale atravè yon nonm, langaj ekri nonm sa a diferan, paske tout ekriti yo enspire (2 Tim. 3:16), ki eksprime karaktè vrè otè a. Se konsa, lè nou konsantre sou otè a, nou dwe mande, poukisa Li refere a rivyè yo ?

Nan Ezayi, chapit 41, vèsè 18 Senyè Bondye a di, “Mwen pral louvri rivyè yo nan kote ki wo, Map fè sous dlo pete nan mitan an nan fon yo. Mwen pral fè dezè a tounen yon pisin nan dlo, epi tè sèk la tounen sous dlo.” Bondye ap pale nan Ezayi, epi Li di, men pwomès mwen pral fè pou mwen ak pou ou.

“Mwen pral ba ou rivyè yo! Mwen pral ba ou kouran yo! Mwen pral ba ou sous yo!”

Bondye sa a ke nap sèvi a, Li pa limite a yon sèl, ni limite a yon ti kras. Li fonksyone avèk anpil! Li opere avèk anpil oswa yon kokenn chenn! Li se yon Bondye abondans ! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te fè planèt yo, Li pat fè yon sèl panèt (Iza 42: 5). Lè Senyè Bondye a te fè zetwal yo, Li pat fè yon sèl! (gade Jòb 9: 9) Lè Bondye kreye, ou pral wè, menm avèk Adan e Èv, Li kòmande yo “Miltipliye epi ranplir tè a” (Jen. 1:28). Sa a se nati Bondye a!

Konsa, ki kote rivyè sa yo ye? Kijan pou nou jwenn yo? Nou jwenn rivyè yo nan plas rankont nou avèk Bondye.

Chak fwa Vwa Bondye vini li relache yon rankont epi chak rankont sa a yo defini yon kote (plas espesyal), kote Bondye fè pou respire nan yon rivyè dlo vivan, kote kèlkeswa jan nou santi’n fatige, kèlkeswa jan nou te rive, si nou retounen nan kote sa a pou tande Vwa Bondye a, si nou ka retounen nan plas ki nan Pawòl Syèl la pou jodia, Pawòl Bondye pale a, la, nap jwenn rivyè dlo vivan, menm jan Jezi, Seyè nou an, te pwomèt la, nan Jan 7: 37-38:

Nan dènye jou fèt la, gran jou a, Jezi leve kanpe, Li rele byen fò: “Si yon moun swaf, se pou li vin jwenn mwen pou li bwè. Nenpòt moun ki kwè nan mwen, jan sa ekri nan Bib la te di, « … gwo kouran dlo ki bay lavi ap koule soti nan kè yo, larivyè dlo vivan. ‘”

Mwen swete ke jodi a se nesans epi kòmansman anpil rivyè, pandan nap rankontre Bondye nou an, nan Rivyè Lespri Bondye yo epi se pou swaf nou pou jwenn plis nan Li, se jis kòmansman lavi abondan sa a nan Papa a ki renmen nou an!

Pou tande yon ekstrè nan prèch sa a, ale sou Chèn YOUTUBE Revive Nations, epi klike sou lang ou chwazi a: angle, franse, panyòl, Italyen ak Telugu. Nou espere ou te beni pa mesaj sa a! Tanpri pataje seri sa a avèk yon zanmi. Klike sou lyen sa a pou bay Revive Nations bourad epi se pou Senyè a beni ou anpil pandan nap vwayaje ansanm kòm kwayan ANRASINE pou bèl Gwa Bondye!