Seri Etid yo sou Idantite nou – [3e Pati]: Eske ou vrèman dezespere pou desten ou? Jodi a se jou pou kòmanse yon nouvo vwayaj

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

December 12, 2020

Nou priye Bondye pou’l fè ou byen pwofite seri sa a sou “Idantite nou” prepare pa pastè Shyju Mathew, Fondatè Ministè “Reveye Nasyon yo”. Pou jwenn Premye Pati a [Lapè ak Mizèrikòd], tanpri klike sou lyen sa a: klike isit, epi pou jwenn Dezyèm Pati a [Kijan pou Miltipliye Gras ak Lapè], klike isit.

Nan lavi a, dwe gen yon pwen ou rive, kote ou dwe deside, si ou pa ka wè lamen Bondye aktif, si ou pa gen okenn prèv ki montre ke Seyè a ap aji nan sitiyasyon lavi ou, ke ou pap fè yon sèl etap anplis jiskaske Bondye bouje!

Sonje fanm Shunamit la, ke pwofèt Bondye a te mande avèk jantiyès: “Di mwen Kisa ou bezwen?”

Malerezman, fyète li te pale pi fò pase verite lavi li, konsa li te reponn, “Mwen kontan. Mwen beni”.

Anverite, fanm sa a te gen yon bezwen grav! Li pat gen pitit. Yon jan preske sèten, li te sanble fè lapè epi reziye li avèk pwoblèm “paka fè piti” epi bezwen an rete nan silans.

Gehazi, sèvitè Elize a, avèk anpil mizèrikòd te idantifye bezwen fanm Shunamit la ki pa lòt bagay ke li pa janm te fè eksperyans benediksyon “geyen pitit gason nan bra li” (2 Wa 4: 8-37).

Men kèk lòt ekzanp: Rebeka tann 20 ane anvan Izarak lapriyè epi li vin ansent jimo Jakòb ak Ezaou. (Jenèz 25:21)

Rachèl, lè li pat gen pitit, te vin jalou anpil pou sè li Lea, li sipliye Jakòb, “Ban mwen pitit, oswa mwen pral mouri!” (Jenèz 30: 1). Ton deklarasyon Rachèl la te dezespere, men anpil ane te pase anvan dezespwa Rachèl la te vini yon evidans tout bonvre.

Men yon verite tou senp: si Bondye pa wè ke ou dezespere toutbon, Li pral tou senpleman rete tann jiskaske ou tonbe nan dezespwa.

Gade byen: “20 ane pase anvan Rachèl te vin seryezman bezwen Bondye ba li yon pitit, epi se lè sa a, Jozèf te vin fèt”.

Nou dwe pouswiv Senyè a jiskaske nou wè pwomès Li yo akonpli avèk pwòp je nou. Si nou fè zanmi avèk limit nou yo, nap genyen limit sa yo kòm kamarad pou tout rès lavi nou.

Konsa, eske ou dezespere anpil pou desten ou?

Lè Ann tap vwayaje ale Silo nan tanp la, li te kriye epi li te priye tankou pèsonn lòt moun pat janm priye jiskaske priyè li te ekzose: li vin ansent! Samyèl, pitit gason li lan, te tèlman renmen Bondye, pa gen youn nan pawòl li yo ki te tonbe atè. Seyè a te toujou avèk Samyèl pou akonpli chak pawòl ! (1 Samyèl 3:19).

Elizabèt, lè li vin ansent JanBatis, kloure tèt li rete kache lakay avèk Bondye, ap veye favè sa a avèk entansyon solid (Lik 1: 5-25), li te sèten konsènan bonte Senyè a epi li adore Bondye kòm repons.

Mari te rann tèt li bay Bondye epi li pote Kris la, malgre danje, malgre rejè fiyansay li a, malgre sikonstans difisil, lafwa li te rete inebranlab nan Bondye ki gen tout pouvwa a.

An nou Reflechi sou fwi konkiran sa yo:

Rebeka te fè Izaak ki te fè Jakòb, ki se ansèt douz tribi (branch fanmi) pèp Izrayèl la, desandans chak tribi yo jwenn benedidiksyon selon alyans Bondye ki gen tout pouvwa a.

Rachèl te fè Jozèf ki te sove lemond anba grangou nan lè sa a kòm Premye Minis nan peyi Lejip.

Samyèl te dirije nasyon Izrayèl la kòm yon gwo pwofèt, li te wen Sayil ak David kòm Wa pèp Izrayèl la.

Jan Batis te anonse epi batize Kris la.

Jezikri, Pitit Bondye a, ofri delivrans pou tout moun ki kwè, atravè lanmò li ak rezirèksyon Li.

Zanmi, ou dwe goumen pou desten ou nan Bondye.

Fouye nan kè ou avèk lespri ou epi poze tèt ou kesyon sa yo:

· Ki kapasite ou?
· Kisa ki limit ou oswa blokaj ou?
· Kijan ou dezespere pou wè desten ou reyalize?
· Finalman, kisa w ap tann?

Ke Bondye beni ou! Si ou beni, pataje mo sa a ak lòt moun, bay yon ofrann sou lotèl ou epi pwofite chanjman ki kache nan Bondye pou ou! Sijè pwochen pati nap pote pou ou nan seri sa a se: “Grandi nan Bondye”!

Si ou renmen ti mo sa a, voye yon ti kòmantè bannou oswa kontakte nou sou nenpòt nan tribin medya sosyal ki anba a.