Onè se langaj pou gen promosyon

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

December 17, 2018

[Spanish | Tamil | English]

Mond nan chaje ak moun kap chache pwomosyon. “ale pi devan” pwomès ranpli bibliyotèk yo nan Indigo, sou entènèt sou Amazon, avèk de milye de manyèl ki bay instriksyon ak kou lidèchip ak estrateji pou fè biznis nan yon lòt nivo nan espas travay la.

Bondye papa nou ofri yon sèl prensip pou avansman: onè.

Jozèf, yon pitit gason Jakòb te favorize a, te aprann onè nan yon situasyon difisil. Aprè li te finn vante tèt li devan frè li yo ki tap travay di, yo te jete li nan yon trou trè fon epi yo te vann li san pèdi tan. Après a, yo te vann li kòm esklav. Moun Madyan yo ki te achte jenn gason an, vann Jozèf bay Potifar, yon moun peyi Lejip ki anwo nan tribinal Farawon yo. Menm si Jozèf ka chonje libète li te jwi nan kay papa l nan peyi Lejip la, pou l te kap viv ,Jozèf te gen yon bagay esansyèl: pou aprann lang mèt li a.
 
Jozèf pa tap janm gen promosyon nan kay Potifa a, si li te pale sèlman lang natif natal li. Nou pa janm ta tande istwa yon esklav ki vin Premye minis la nan peyi a si Jozèf te refize aprann lang nan peyi a.
 
Kèlkeswa onksyon ou genyen nou dwe pran konsyans langaj jenerasyon ki antoure nou an. Nou dwe jwenn lekòl la oswa tit ki nesesè pou chanje lang nou an. Konbyen ou ka manyen? Ki limit ou ye? Èske ou te aprann lang lan nan kay la kote Bondye te mete ou?
 
Kòm Jozèf te vin gen siksè, yon lènmi te vini. Lè ou kòmanse onore epi aprann lang nan kay la kote Bondye te mete ou, ou vin yon sib pou lènmi an. Yon fwa Jozèf te aprann lang peyi Potifa, madanm lan te vin chachel. Jou apre jou, li te eseye kraze pwomosyon Jozèf te resevwa nan lonè. Jozèf te onore travay la, li rete fidèl ak travay li, e li te onore anviwònman mèt li a.
 
Yon lespri te vin twonpe Jozèf pou l ta dezobeyi kay sa a e pou l te ka manke benediksyon l. Chak anviwònman, menm maryaj ou, gen yon move lespri ki asiyen pou vinn atake ou pou fe ou dezonore benediksyon Bondye yo.

Chak ministè, chak nouvo anviwònman gen demon ki asiyen pou vin jwenn ou epi fè ou di ak fè bagay pou ka pèdi favè epi besew nan plas kote Bondye te asiyen.
 
Lonè fasil nan moun men li jwenn tantasyon lè genyen absans. Nan Jaden an, lè papa a te lwen, Satan te vin kote Adan ak Év pou mande yo: “ eskè se vre Bondye te di sa ?

Lènmi a ap chache toujou tronpe ou. Adan ak Èv ta dwe rekonèt langaj dezonè sa ou kouri lwen li.

Lè ou santi gen dezonè yon kote, pa rete la. Se yon pèlen. Lè gen yon anviwonman dezagreyab bò kote ou, lanmò pap tann. Pa respire lè a ki pral dezonore sa Bondye ap fè nan lavi ou. Ou pa ka fè pati kilti sa a. Koute ton an. Mache, ale lwen. Ou pa ka amizew nan yon anviwònman ki nan dezòd e pou atann ke bagay yo ap pral byen etabli. Menm si yon sèl eseye abitre lang ou, lang Bondye a dwe pale pi fò.

Ansanm, lè w ap aprann yon nouvo lang, pwoteje tèt pou ou pa bliye lang Bondye. Aprann ale nan mond lan san ou pa kite mond lan antre nan ou. Si ou wè ke langaj ou a ap resevwa pouri, konnen ke ou nan you zòn danjere. Pa koronpu pa lang ke ou ap aprann nan. Fè tankou Jozèf, ki te refize madanm Potifa, li te chwazi prizon san konpwomi, li te konnen kiyès Bondye li tap sèvi a.
 
Jezi, lè yo te voye disip li yo, te di: “Se pou ou gen bon konprann kòm sèpan ak inosan tankou pijon.” (Matye 10:16). Fè atensyon pa mete tèt ou nan yon kote ou ka konpwomèt. Pa dwe konvenk. Pi gro erè nou fè se lè nou gen konfyans ke nou pa pral fè erè. Nan panse ou, ou dwe malen, men nan aksyon ou, fè tankou yon ti pijon. Bondye pa responsab pou soufrans ou pote nan tèt ou paske ou pa vit tankou sèpan an.

Jozèf, nan prizon, aprann lang lan nan kay li tèlman byen ke li te rive chèf. Chak kay gen pwòp lang li yo ak tout palè tou. Si ou pa aprann lang sa, se sèlman yon kesyon de tan ke sa ki te sipoze beni ou, ap choute ou soti. Pi vit ou aprann lang onè ki nan anviwònman ou an, pi vit se ki nan ou wap ka siviv.

Dezan pita, lè Bondye te livre Joseph, li te vinn esklav , e li rive premye minis nan peyi Lejip la nan yon sèl entèvyou ak wa a.

Onè se kle nan tout bagay. Aprann langaj onè nan kay kote Bondye te mete ou, pou ou ka pwospere ak avanse nan tout bèl pouvwa li!