Men twa klé kap ede nou gen lapè

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

March 9, 2018

Zanmi mwen yo, eske nou konnen ke lè nou pa konprann yon bagay ke lòt yo pa genyen, ou jije li. Pa examp, Jida te jije fanm nan  kite vini avèk  bwat pafen an pou vide sou pye Jezi e li di li lap gaspiye lajan’l. Farizyen yo tou te jije li , yo te di se te yon gro ront. Men fanm nan te konnen ki revelasyon li te genyen an.  Li te sèl moun ki tap prepare kò Jezi pou entèman li  e jodi-a tout moun tande pale de jès adorasyon ke fanm sa te fè a.

Lè ou pa gen ase intèlijans, ou fè fo jijman. Ki konsekans sa genyen,  ou pèdi lapè ou e kritik ou yo ouvri yon pòt bay ènmi an antre nan lavi ou.

Diab la pa gen zam nan men li. Jezi te pran tou zam li yo lè’l te mouri sou kwa. Sèl zam li genyen se ou menn ki bay li li.

Sèl fason ke ènmi a ka rantre lakay ou se lè ou fè bak. Lè ou ba li plas , li fè ou pè. Se menm bagay ki rive lè ou ap  inkiete-w.  ou ouvri pòt ba’l antre.

Kòman Bondye vle ou reaji lè ou fè fas a move sitiasyon yo?  Ki klé ki kap ede ou trankil  e gen kè poze  lè ou ap viv sikonstans difisil yo?


Kle # 1.  Lapè ki pi wo pase tout sa moun  kap komprann lan

« Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: -Pe la. Li di dlo a: -Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gran kalmi. Apre sa, li di yo: -Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou?Men disip yo te pè anpil anpil, yonn t’ap di lòt konsa: -Ki moun li ye menm, pou jouk van ak dlo lanmè a obeyi li? » [Mak 4:39 -41]

Jonas se yon pòtrè  Jezi. Paske, yon kote ,  Jonas te nan vant pwason an, e Jezi te nan vant lanfè.   Jonas mande pou yo jete-l nan lan mè a. Jezi , nan men-m sikonstans lan, di: rete trankil,  fè silans,. Jezi reponn pou montre  identite-l, mwen se yon moun, men mwen se yon Rwa aussi.

Bondye mande nou pou nou gen poze nan situasyon nou yo.

Kle # 2. Lapè se pou nou

 kòm pitit Bondye , lapè dwe vini anvan tout bagay nan lavi nou. Se nan Kris la nou jwenn pè nou.

Bib la di nou nan Lik 10:5-6, «Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: lapè pou tout moun ki nan kay la.6 Si gen yon moun ki ka resevwa pè a  lapè an va desann sou li; si pa genyen, lapè an va tounen vin jwenn ou.»

Jezi invite nou pou nou repann pè Bondye bay la tout kote nou pase.

Si nou pa konn kiyès nou ye, nap fè ènmi a antre nan chan batay nou.  Nou dwe konnen byen kiyès nou ye nan Kris.  Se lapè kap mennen nou nan rwayom Bondye a .
Jezi di nou:

M’ap ban nou kè poze. M’ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p’ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè” (Jan 14:27)

Nou ka panse kòman Pyè te al kouche lè yo te planifye pou yo ezekitel la. 

Li te gen asirans lanmou Bondye pou li. Nan nwit sa , yon zanj te reveye li pou li mete`l deyò.  Si nou  gen Jezi nou gen kè poze. Jezi se lapè a. nou genyen li nan lavi nou.

Nan kris, nou gen onksyon pou nou chanje atmosfè a tout kote nou pase lè nou dekrete lapè Jezi bay la sou tout situasyon nou yo

Nou dwe jere tout sitiasyon nou yo avèk kè poze. Se poutèt sa nou dekrete,  “rete trankil”

Kle # 3. Lanmou + la fwa = lapè

Si ou pa gen Jezi ou pa ka konnen kijan ou dwe renmen. Nan kris, nou aprann renmen e se sa ki fè ke nou kapab gen you vi transfòme avèk lapè.

« Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Se li menm ki beni nou nan lavi n’ap mennen ansanm nan Kris la. Li ban nou tout kalite benediksyon pou nou ka viv dapre egzijans Lespri Bondye nan syèl la.

4 Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n’ te san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an,

5 Bondye te deside depi davans pou l’ te adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa te fè l’ plezi.

6 Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la! » Efez 1 :3-6

Lapè vini paske gen  lafwa ak  lanmou.

Mwen swete ke Legliz la  kapab antre nan you lòt nivo pandan ke nap mache nan lafwa ak lanmou Jezi a .  ke yo  kapab yon modèl de  lapè  tout kote nou pase  paské nou kwè nan Seyè a. !

Deklare sa sou lavi ou: tout benediksyon spirityèl  ki sòti nan syèl la se pou mwen nan non Jezi.