Men 10 verite pwisan ki soti nan Sòm 106: Se yon seri devosyon pou premye a katrièm jou a. (Jou 1)

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

February 22, 2019

Bonjou tout lektè nou yo. Se avèk anpil jwa ke nou ap prezante-w seri etid biblik sa kite fèt nan legliz Emmanuel nan Montreal, Canada pa pastè Shyju. Pandan periòd yon de 10 jou nou pral voye yon etid pou ou chak jou pou devosyon ou. Nou swete ke sa pral yon gran benediksyon pou ou avèk fanmiy ou. Tanpri, pataje-l ak yon zanmi ki ka bezwen-l.

JOU 1 : SONJE

Sòm 106 :7-8 Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pa t’ konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la.
8 Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l’ moutre jan li gen pouvwa.

Ou ka wè mirak nan lavi ou, nan legliz ou konnen ke Bondye la. Ebré yo te wè mirak Bondye yo men yo pat janm kwè nan sa epi yo te tounen nan ansyen vi to.
Ou ka wè men Bondye ap aji e toujou tonbe nan peche. Adan et Èv to kouvri anba glwa Bondye, men yo te tonbe kanmen-m.

Nan moman ke ou santi ou an sekirite epi ou pans eke ou pap ka tonbe, se lè sa ou ouvri yon pòt pou ou tonbe. Moun sa yo te bliye lanmou Bondye teggenyen pou yo anvan. Lè tantasyon yo vini, Sentespri ap fè nou sonje, men nou dwe chwazi pou-n koute li.

Pawòl la se yon lanp nan santye ou.

Ou dwe proteje revelesyon lanmou Bondye pou ou , paske ou te genyen li. Plis ou sonje bonte Bondye genyen plis ènmi an ap atake ou.

Veye eksperyans ou avèk Bondye. Ènmi an ap vin kanmenm atake eksperyans sa a. Pa pran eksperyans ou alalejè. Se legliz ki pwospere ak revelasyon ke lènmi an ap swiv.
Prye avèk nou : nan non Jezu, proteje kèm avèk lidém poum pa mace lwen revelasyon ke Bondye mete nan lavi-m.

Demen nou pral dekouvri vale sa genyen lè wap tann Bondye.