EKILIB NOU (7e Pati): Kalibrasyon pou kenbe yon pouswit endivizib

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

March 15, 2021

Chè lektè, nou espere ke lavi ou jwenn anpil chanjman pwisan, gras a mesaj pwofon seri sa a sou Ekilib nou. Nan dènye tranch seri sa a, Pwofèt Shyju mete kwayan yo devan yon gwo defi pou analize kesyon sa a : Èske fason nap pouswiv Seyè a fèt avèk lespri nou, oswa, èske se nanm nou ki dirije fason nap pouswiv Senyè a?

Èske nap pousuiv Seyè a avèk lespri nou, oswa avèk nanm nou?

Èske w pa janm fouye chèche yon enfòmasyon sou entènèt epi reziltab ou jwenn nan vini vid paske « Mo rechèch » ou yo te manke presizyon? Ekzanp, ou ap eseye jwenn « siflèt kanna » epi tout sa ou rive jwenn se « bòt kanna » ? Oswa, ou ap eseye jwenn yon zouti alòske ou pa konnen vre non zouti a, se yon “zafè majik” li pa koupan?

Nan ansèyman final sa a sou Ekilib nou, Pwofèt Shyju relache yon pasaj Labib nan liv Chante Salomon an, kote jèn lamarye a pouswiv Wa li a toupatou, menm kote li pa ta janm espère jwenn Wa a.

Premyèman, li te mande Gadyen ki nan pòt la pou rann li kont sou mesye marye a. Èske ou ka imajine, yon lamarye kap mande yon gadyen sekirite nan yon Sant komèsyal ki chaje ak moun : “Ah, èske ou pa wè mari mwen ?”

Aprè sa, li chache mari a sou plas lavil la. Asireman, li pa tap janm jwenn okenn Wa nan kare lavil la epi tou nan mitan lannwit lan!

Kijan lamarye ka fè yon pouswit konsa tankou yon moun avèg? Èske li te vrèman konnen Sila a ki se Anmourèz nanm li?

Se konplex, jèn lamarye tombe plenyen, ” Aprè sa mwen leve, mwen pran mache nan tout lavil la, m’ chache moun mwen renmen an nan tout lari, sou tout laplas yo. Mwen chache li, mwen pa jwenn li.” Chante Salomon 3: 2

Kouman yon bagay konsa fè posib?

Seyè nou an di : “Chache mwen, epi ou va jwenn mwen.” (Jer. 29:13) epi “Pwoche bò kote mwen, mwen va pwoche bò kote ou” (Jak 4: 8)

Chè zanmi, Bondye nou an pa tankou yon moun k’ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k’ap chanje lide pou ti krik ti krak!. (Resansman 23:19).

Byeneme, jodia se Jou pou kalibre lavi nou!

Nou dwe pouswiv Senyè a nan laverite tout bon vre. Nou dwe konnen Vwa anmourèz nanm nou epi chèche Prezans Li piplis pase tout lòt bagay.

Pa fè rechèch tankou jenn fanm sa a, avèk nanm li mare, distrè pa atraksyon yo kap briye nan mond lan, blese avèk tout ofans li sibi nan tan lontan, defòme pa ensekirite yo ki nan kè li.

Eritaj nou : se rive jwenn Seyè a avèk tout sa Bondye te etabli davans pou nou ye epi aprèsa pou nou dwe jwenn Li!

Byeneme, konsènan distraksyon ak atraksyon ke lènmi an te plante nan ou, èske ou vle kite ale (abandonen), pou w ka jwenn Anmourèz nanm ou, ki se Jezi Seyè nou an, Wa tout wa yo?

Ou ta dwe fè kalibrasyon lavi ou, tankou ou tap mennen ankèt sou eta Ekilib ou devan Seyè a, avèk èd Lespri Bondye a.

Tankou lamarye a, nou dwe jwenn Sila a ke nap chèche a epi pou nou pa janm kite Li ale!

“…. Mwen jwenn Moun mwen renmen an. Mwen kenbe men Li’. Mwen pap lage Li !” Chante Salomon 3: 4

Se pou Senyè a Li menm vin tounen yon gwo rekonpans pou nou, pandan nap pousuiv Wa Gloriye nou an. Nan dènye jou sa yo, se pou kò nou, nanm nou ak lespri nou kontinye e pèsiste pouswiv Senyè a avèk pasyon, antanke lamarye Kris la! Se pou rechèch nou yo reyisi epi se pou lafwa nou fè Wa Jistis la plezi, Li menm ki se Senyè tout chèf yo!