Fouye pwi ou yo!

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

April 17, 2019

Èske w pa janm wè yon bagay nan istwa fanmi ou ki fè ou pa alèz? Te gen yon chapit difisil nan lavi Abraram, lè grangou te fòse yo deplase nan peyi Lejip Abraram te tèlman gen krentif pou farawon an, li te retire otorite li sou madanm li, lè li te di ke Sara te sè li.

Men-m jan yo te wè sa-a, Farawon an te anvi Sara epi li te pran l ‘ pou ale nan palè l’ lè li te wè ke li te bèl anpil (gade nan Jenèz 12). Nan mizèrikòd li, Bondye te vinn defann Abraram. Fanmi farawon an te vi-n aflije ak kalamite sa, epi li te konprann pwoblèm nan, Farawon te voye Abraram ak Sara lwen byen vit avèk anpil richès. Li te men-m fòse yo soti nan peyi Lejip.

Lè Abraram te bay manti a, pitit gason l lan potko fèt. Men, Izarak, nan menm sitiyasyon an, te fè egzakteman sa papa-l te fè-a. Jenèz 26 rakonte ke menm grangou a te vini ankò nan tan sa a, Seyè a te mande Izarak pou-l te rete nan Gerar: (Jenèz 26: 7-10)

26:7 Lè mesye ki te rete nan peyi a mande l’ kisa madanm li ye pou li, li reponn yo se sè l’ li ye, paske li te pè di se madanm li Rebeka te ye pou mesye yo pa t’ touye l’ pou yo te ka pran Rebeka ki te bèl anpil.
26:8 Izarak te gen kèk tan depi l’ te rete la. Yon jou, Abimelek, wa moun Filisti yo, t’ap gade nan fennèt li, li te wè Izarak ki t’ap pase men sou Rebeka, madanm li.
26:9 Lè sa a, Abimelèk voye chache Izarak. Li di l’ konsa: -Gade non, monchè, se madanm ou li ye! Poukisa ou di se sè ou li ye! Izarak reponn li: -Mwen te di sa paske mwen te kwè yo ta ka touye m’, si m’ te di se madanm mwen li ye.
26:10 Abimelèk di l’: -Kisa ou fè nou konsa? Yonn nan mesye nou yo ta ka byen rive kouche avèk madanm ou! Se ou ki ta lakòz nou fè peche sa a.

Lè grangou a te anvayi peyi a yon fwa ankò, Izarak demenaje ale rete nan Gerar tankou papa l li menm tou, li te fòse madanm li bay manti. Gen anpil bagay nou fè, san nou pa konnen, ankò ki nan san nou, ki se yon peche ke nou eritye de zansèt nou yo. Anpil sezon, sitiyasyon, ak soufrans nap viv soti nan chwa zansèt nou yo te fè.
Nou dwe kreye yon sik nouvo pou timoun nou ka fè pati nan sezon nouvo saa. Fòk nou brize ansyen sik la. Lè Izarak te vini nan peyi Gera a, Izarak fè jaden nan peyi a. Men-m si grangou te tonbe sou peyi a. Lè gen yon grangou, ou vle sere tout bagay pou yo pa gaspiye. Men-m si ou sere, depi se pwoblèm lajan, si se yon sik, bank ou ap toujou vid. Fason pou anile problèm jenerasyonèl yo se pa nan fòs mantal, men aktive prensip espirityèl yo. Nan lafwa nan Bondye, Izarak te plante pandan periòd grangou a e li te rekòlte plis ke yon santèn!

Jen. 26: 12-14:
6:12 ¶ Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l’ te plante a, paske Seyè a te beni l’.
26:13 Msye te vin rich. Li t’ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil.
26:14 Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t’ap sèvi l’. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li.

Toutotan nap viv sou tè sa-a, nou ka brize modèl jenerasyon peche lè nou seme.
Se yon prensip relijye pou bay. Kòm nou beni, lè nou onore ak fè Bondye konfyans ak don nou yo, nou kraze sik pa genyen, sik grangou yo. Kèlkeswa sik zansèt nou yo te soufri nou pral kraze yo pa jenerozite nou yo.

Se pou nou touche kè Bondye avèk bonte nou! Nou ka atire favè ak jenerozite nou!
Zanmi-m ‘yo, nou ka vi-n yon zanmi pou Bondye lè nou chache vinn tankou Bondye. Bondye nou an bon. Bondye nou an renmen bay..

Èske w te deja fè yon byen epi ou gade ou wè “zanmi” ou yo soti pou monte madichon pou benediksyon ke ou te resevwa? Se menm jan tou an, Filisten yo te rayi Izarak lè yo te anpile gwo richès lè li te obeyi Bondye, pou li te vi-n yon moun rich nan yon tan kite gen anpil grangou.

Jalouzi se menm bagay ak maji. Lè yon vwazen ki jalou de ou gade ou, se lènmi a ki gade ou. Li pral sèvi ak je nenpòt moun pou gade ou.

Lè Kayen te wè ke Segnè-a te aksepte ofrann Abèl la epi yo te rejte, li te kòmanse avèk yon batay ki te fini nan asasinen. Goumen kont jalouzi! Pa kite yon ti kras antre nan kè ou!

Nan peyi Gera a, lè sèvitè Izarak yo te fouye twa pw ansyen pwi, pwi ke Abraram fouye anvan, epi moun Filisten yo ki te gen mechanste nan kè yo te ranpli yo ak sab ak wòch

Jenèz 26: 17 – 22
Se konsa Izarak pati kite kote l’ te ye a, li ale nan Fon Gera a. Se la li moute kay li pou l’ rete.
18 Li fè refouye tout pi dlo yo te fouye sou tan Abraram, papa l’. Se pi sa yo moun Filisti yo te bouche apre lanmò Abraram. Izarak ba yo menm non papa l’ te ba yo a.
19 Domestik Izarak yo te fouye ankò nan fon an. Yo te jwenn yon sous dlo k’ap ponpe.
20 Men, gadò mouton peyi Gera yo leve yon sèl kont avèk gadò mouton Izarak yo. Yo t’ap di: -Dlo sa a, se pou nou li ye. Se konsa Izarak rele pi a Pi dezagreman paske yo te chache l’ dezagreman pou dlo a.
21 Domestik Izarak yo fouye yon lòt pi ki te lakòz yo chache yo kont ankò. Se konsa Izarak rele pi a Pi ki fè lènmi.
22 Lè l’ wè sa, li wete kò l’ kote l’ te ye a, li fouye yon lòt pi pou sa pa t’ fè kont. Se poutèt sa li rele pi a Pi ki pa nan kont. Li di: -Koulye a Seyè a ban nou kont espas nan peyi a pou nou pa nan kont. Se atò zafè nou pral mache nan peyi a.

Premye Pwi a te rele Esèk ( diskisyon)

Diskisyon nan kay Bondye a se yon manifestasyon nan nati chanèl nou yo. Nou dispite paske pasyon nou yo nan lagè youn ak lòt. Nou bezwen pale, san nou pa blese youn ak lòt, renmen tout moun nan tout sikonstans. Lènmi an pa ka konbat ou san li pa divize ou. Fòk nou goumen kont agiman yo.

Dezyèm pwi a rele Sitna (akizasyon)

Dezyèm pwi a te rele akizasyon. Si ou pa jere jouman ki pa nesesè ou yo , li ap toujou mennen nan akizasyon. Si ou pa fè fas ak akizasyon, ou pral fini pa touye yon moun. Lènmi an ap chèche divizyon. Goumen kont akizasyon yo.

Twazyèm pwi a: Rehoboth (gro rekonpans, Elaji)

Bondye ap rekonpanse bon chwa ou fè a. Twazyèm pwi a te rele rekonpans . Twazyèm pwi sa sete yon plas nan kwasans, gro mouvman, pitye. Pa kite sa kap soti nan bouch ou fè ou pèdi favè Bondye a, benediksyon ke Bondye te ban nou an. Kouman pou benediksyon ak madichon koule nan menm pwi. Eske pwi a ka anmè epi dous nan menm tan? Chwazi sa ou pral di: èske pawòl ou yo ap pote lanmò oswa lavi? Fè fas ak sa! Goumen pou rekonpans ou.

Katryème pwi a rele : Chiba ( promès, sèman, restorasyon)

Jen 26: 32-33 : Menm jou sa a, domestik Izarak yo vin ba l ‘nouvèl pi yo t’ap fouye a. Yo di l’: -Nou jwenn dlo. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele lavil la Bècheba.

Nan katriyèm pwi an, Izarak te jwenn yon sous ki toujou ap bay dlo jodi a.

Vwayaj Izarak la te tounen sous li. Izarak te rankontre Bondye, kise SOUS tout pwi yo. Izarak te fè eksperyans ak Bondye Abraram, papa l ‘, yon benediksyon ki pi gran pase nenpòt lòt byen .

Se pou bezwen nou mennen nou nan pye Jezi! Se pou chak eksperyans mennen nou pi pròch Bondye nou an!

Nap sèvi SOUS tout pwi yo. Se pa pwi a ki enpòtan, men moun ki avèk ou a!

Pandan ke Izarak te rankontre ak Bondye, li te jwenn pwi final li: RESTORASYON. Pa gen yon sèl lènmi ki te deside ranpli nan pwi sa a. Anfèt, Jezi li menm te chita nan pwi sa a, lè li te sèvi fanm Samaritèn nan, plizyè milye ane annapre (gade Jan 4)!

Zanmi Bondye pral restore ou, nan ane EXPANSION sa-a, pa restorasyon sipènatural pafè li a.

Èske w ap fè li konfyans l? Èske w pral wè l ‘tankou yon sous pou tout bagay nan lavi ou? Èske ou vle fouye epi kontinye fouye jiskaske ou rankontre Bondye? Kijan ou pral kraze sik nan peche jenerasyonèl ou? Ki sa w pral fè pou w dekouvri ki sa Bondye zansèt nou yo te sere pou ou?

Priye: Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb la, Papa ke mwen renmen anpil atravè Jezikri la, Sovè mwen, ki dekouvri tout zòn, tout rasin zansèt mwen yo, pou m ka viv menm jan ou te òdone! Mwen kenbe kontra benediksyon ou jodi a. Se ou men-m sèlman ki se sous mwen! Mwen vle goumen ak tout peche nan lavi mwen jiskaske pwi benediksyon ou yo koule lib nan lavi m, nan gwo pouvwa ou! Amèn!