Dimansyon pou ou ka tande

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

August 28, 2019

Ou pa janm pase nan yon kafe, pou ou tande tout kalite plent kòm , “ Moun nan pa menm koute sa map di a! ou byen, “li pa menm tande mwen. Se tris poun nou di ke kapasite pou-n tande fòme avèk atitid nou . Nan ta pa Jezu a , lavi a pat diferan.

Mak 4: 33-34 Se avèk anpil parabòl konsa li t’ap ba yo mesaj li a. Li te fè l’yon jan pou yo tout te ka konprann li.
34 Li pa t’ louvri bouch li pou l’ pa t’ rakonte yo yon parabòl. Men, lè l’te pou kont li avèk disip li yo, li te esplike yo tout bagay.

Pandan Jezu tap preche li te fè enpak sou moun kap tande li yo nan anpil dimansyon. Jezu te itilize anpil parabòl poul te preche sou sikonstans ak avni moun ki anndan ak moun ki deyò yo .
Men pat gen moun kite konprann .

Mat 13: 10-13 Disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande li: Poukisa ou pale an parabòl ak moun yo?
11 Jezi reponn yo: Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a.
12 Paske, moun ki genyen deja a, y’a ba li ankò. Konsa, la gen plis pase sa l’ bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y’a wete nan men l’ nimm ti sa l’ te genyen an.
13 Se poutèt sa m’ap pale an parabòl ak moun sa yo. Paske, lè y’ap gade yo pa wè, lè y’ap koute yo pa tande, ni yo pa konprann.

Lè nap mache pa lafwa nou gen bon konprann nan anpil nivo. Lè foul la tap proche bò Jezu, gen kèk ladan yo ki tande yon bèl histwa. Gen lòt ki pa ka tande li paske yo te distrè , yo pat men ka koute sa Bondye tap di a. Gen lòt ki pa men-m entèrese a mesaj ke yo te tande a.

Men Jezu pat menm tap rakonte yon simple histwa. Li ta p deklare yon pawòl profetik.

Jezu te pale avèk parabòl a foul la. Men, li te pale klè a zanmi li yo. E sa ki te pi pròch li yo , li te ba yo sekrè wayòm nan.

Ou ap ka resevwa plis selon kapasite ou pou koute.

Pou yon kwayan, tout histwa, tout ensidan, tout mesaj gen anpil dimansyon nan yo

1. Enstriksyon li yo.

Tout mesaj gen yon enstriksyon ke nou dwe aprann de Sentespri a. Lè yon kretyen fè atansyon a sa Sentespri ap di a, kapasite sa ap deside kija avni li ap ye , trajektwa lavi li, kòman soufrans li ap ye , ki jan de vi puisan lap genyen epi kòman lap reisi lavi li.

Fè atansyon enstriksyon ke nou jwenn nan tout sa Bondye ap anseye nou.

Bondye te bay Moyiz anpil enstriksyon, epi menm tou lwa a revelasyon nan protocol levitik yo.

Jos 1: 7-9 Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m’ lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase.

8 Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w’ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w’a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.

9 Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.

Si nou medite Labib la nap gen sisksè

2. Revelasyon.

Sa yon nonm panse se sa li ye. Nan chanm sekrè prye nou yo, enstriksyon Bondye yo tounen revelasyon.

.Anpil moun resevwa enstriksyon nan Legliz jodia . men yo pa medite sou li. Let yo touye mais Lespri a bay lavi. Pou jwenn lavi sa ou dwe chache Segnè a nan Lapryè.

Meditasyon aktive Sentespri-a. Lespri a ap aji sou enstriksyon yo e pawòl la ap vinn vivan. Dijere pawòl pou prensip ki soti nan syèl la kap vinn yon revelasyon pou ou.

3. Proteksyon

Revelasyon ke ou resevwa de enstriksyon ke ou medite yo ap devni yon proteksyon pou ou. Pawòl ki vini ak revelasyon sa ap proteje kay ou, mezon ou, finans ou epi tout lavi ou. Fòk ou gade revelasyon sa.!

4. Possession

Proteksyon ke ou jwenn nan pawòl la ap fe ou posede li. Bondye di Jozue : “ Pa gen nonm ki ka kanpe kon ou pou tout rès lavi ou.” Pou ou ka mennen moun yo nan tè promiz la, fòk ou tande pawòl la e medite li jouk li vinn yon revelasyon vivan pou ou epi se sa ki ap proteje ou.

Kiyès Bondye ba ou pou mennen, eskè ou ka koute li nan menm kapasite sa?

Byeneme, nan ane ekspansyon sa, se pou ou se yon Jozue pou fanmiy ou ki ap medite sou tout enskstiksyon Bondye yo jouk tan livinn yon revelasyon ou , ou ka jwenn tè promiz ou.

Pa kite distraksyon bouche zorèy ou. Fè atensyon pou ou ka devni yon re
jenerasyon de fwa pou Bondye.