Devlope Sans Espirityèl nou yo

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

April 17, 2020

Gen 22: 1-3 “Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè Li. Bondye rele li: Abraram! Abraram! Abraram reponn : Men mwen wi! Bondye di li : Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, ou va monte sou tèt mòn mwen pral montre ou la. Lè ou va rive la, ou va sakrifye li. Apre sa, ou va boule li nèt kòm sakrifis pou mwen. Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak 2 nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou li fè dife pou boule vyann bèt lap ofri kòm sakrifis a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di li a ».

Imajine: Abraram ki reveye yon jou epi ki tande yon vwa. Kit se yon vwa moun ka tande oswa si se vwa nan konsyans li, Pawòl Bib la pa presize, men vwa a te klè ase pou ke Abraram reponn: “Men mwen.”

Liv Travay Apòt 9: 4-7 di ki jan Sòl te tonbe atè “epi li te tande yon vwa ki di li:” Sòl, Sòl, poukisa wap pèsekite mwen? …. Mesye yo ki tap vwayaje ansanm avèk li yo, te rete san yo pa pale, yo te tande vwa a, men pa wè okenn moun.

Menm jan Bondye te rele Abraram nan Ansyen Testaman an, Bondye te rele Sòl nan Nouvo Testaman avèk yon vwa byen fò ke menm moun ki te bò kote li yo te rive tande vwa a.

Zanmi, si jounen jodi a, moun di ou ke Bondye pa pale avèk yon vwa ke ou tande, yo ba ou manti.
Bondye se yon Bondye ki kapab pale! Bondye pale avèk nenpòt moun ki disponib pou Li!

Yon bon jounen, Abraram te tande yon vwa sankonnen kote li soti epi ki di li “Kite tout bagay epi swiv mwen” (Jenèz 12: 1). Abraram pat janm tande vwa sa a anvan, men vwa a te tèlman klè nan lespri li, Abraram te konnen ke « li te oblije obeyi ».

Jodi a nan sosyete nou an, se relijyon paran yo te pase nou ke nap pratike. Nou swa adore tankou yon imaj fason paran nou yo te konn fè, oswa nou abandonen lafwa paran yo konplètman. Si paran nou yo te konn abiye yon fason pou legliz Dimanch, se konsa nou fè tou kòm pitit. Si paran nou yo te bay ladim ak ofrann lan, nou fè menm bagay la tou.

Men, papa Abraram se te yon moun ki konn fabrike zidòl. Papa li te yon fezè zidòl ak estati ki pa janm pale, wi ki pa janm pale! Poutan, jounenn Abraram te tande vwa Bondye, li leve epi li obeyi vwa Senyè a.

Abraram te dwe fè bagay yo yon fason ki diferan avèk jan manman li ak papa li te konn fè : chache epi obsève yon Bondye ki vivan. Aswè, Izarak pitit gason Abraram lan, soti ale deyò nan jaden an pou fè meditasyon. Pitit gason sa a te aprann bon jan fason pou medite sou Seyè a (Jenèz 24: 63). Anpil moun ale nan jaden pou rekòlte, men pa pou medite! Fòseman, Izarak te temwen kijan papa li te konn fè epi mete li apa pou li chache Bondye.

Abraram te pran tan pou li konekte lespri li avèk Lespri Bondye. Li te viv pou tande vwa Bondye. Menm si Abraram te yon nonm entèlijan trè rich, avèk yon nivo entèlijans natirèl wòdmezi, Abraram te espirityèlman entelijan: li te souvan chache èd nan men Bondye li a.

Jodi a, nou pa vle kraze tèt nou avèk enkyetid, se konsa nou chache èd bò kote pastè nou yo oswa nan men yon pwofèt pou tande mesaj Bondye pou nou. Yo detèmine epi dilijan paske yo konnen ke tande Vwa Bondye pral chanje mond nou an.

Èske nou limite akoz distraksyon nou yo, oswa manke volonte, ki pran tan nou bezwen pou konekte lespri nou avèk Lespri Bondye?

Anjeneral, antanke kretyen, nou konnen tout bagay ki konsènen kò nou, men nou konnen yon ti kras sou bagay ki konsènen lespri nou, poutan nou fèt avèk tou lède: kò epi lespri. Pou chak ti maladi fizik, nou kouri byen vit chache enfomasyon (ekzanp sou Google) pou dekouvri sa ki pa mache. Men, se sèlman kèk grenn nan nou ki chache aprann sou lespri nou, pou rive wè kisa ki afekte epi diminye koneksyon nou avèk vwa Bondye. Pifò nan nou rete anba gouvènay reyalite fizik nou, epi nou prefere rete inyoran nan domèn ki konsènen lespri a.

Kò nou gen 5 sans : tande, wè, manyen, goute ak santi, se sans natirèl ki konsènen kò a. Men, sans yo ke nou ta dwe selebre ak devlope piplis avèk entansyon, se sans espirityèl nou yo.

Lè Jezi tap mache sou latè, li te rantre nan sans lespri yo epi li te fè gwo mèvèy ke anpil moun pat janm imajine. Pa egzanp, li te antre nan yon chanm epi li te konnen sa mesye yo te panse (Matye 9: 4)! Pwoksimite pa te yon limit pou rive tande! Nan lespri a, Senyè a te kapab tande epi koute sa mesye yo tap di nan fon kè yo!

Nou dwe devlope lespri nou pou rive tande Vwa Bondye

Gen 12: 1-3 Seyè a di Abram konsa. Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi mwen va montre ou a. Map ba ou anpil pitit pitit. Yap tounen yon gwo nasyon. Map beni ou. Yo va nonmen non ou toupatou; ou va sèvi yon benediksyon pou tout moun. Map voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, map madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Granmesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.”

Lè Abraram te tande Vwa a, li pat chèche jwenn yon dezyèm opinyon. Li te swiv Bondye pa lafwa. Answit, se nan laj 75 zan, ke Bondye parèt devan Abraram (Genèz 12: 7). Anvan sa, Abraram pat wè Bondye, li te sèlman tande Vwa Bondye. Koulye a, se moman kote Abraram rive nan nivo pou li te kapab wè Bondye!

Byeneme, gen yon pwogresyon nan pwosesis pou bati kapasite ak karatè nou kòm kwayan:
Si ou ka devlope zòrey ou (pou tande), se sèlman yon kesyon de tan pou rive devlope wè ou (vizyon).
Lè ou tande, ou vin pi fò; answit wè/vizyon ou nan mond espirityèl lan pral vin pi klere epi pi klè. Yon fwa ou wè klè, lè sa a, ou pral gen yon konpreyansyon pi fon sou Bondye avèk mond lan.

Tande Pawòl Ekriti Bondye: se premye pwoteksyon ak sekirite nou.

Anpil moun vle chache lagras pou tande nan Vwa Lespri a, men yo pa chache ni yo pa selebre lagras pou tande Pawòl li a, ki se vwa Bondye (Pwaòl pale) nan fòm ekriti!

Pou nou ka evite desepsyon lènmi an, pou evite konfizyon nan tande (antandman) ou, nou dwe tonbe an amou avèk Pawòl la. Lènmi an kamoufle tèt li tankou limyè. Pawòl Bondye a pral kenbe ou kont tout desepsyon. Lè ou konnen sa ki reyèl la, sa ap toujou ede ou pou idantifye sa ki fo a!

Seyè a pale nan Pawòl Ekri Bondye, yo rele Logos. Bondye pale tou atravè Rhema, ki se Pawòl Pale Bondye. Aprann tande tou 2 logos, ki se Bib la epi Rhema, ki se Pawòl Pale Bondye!

Jodi a, Legliz la kase an divès mòso, avèg epi soud, paske nou pa pwofite tout plenitid ak pouvwa Sentespri a. Bondye kontinye ap di : pote ban mwen kò kase sa a. Mwen va geri li.

Premye fwa Danyèl te tande vwa Bondye, li te vin tankou yon moun mouri, paske li pat abitye sèvi ak sa ki te disponib pou li nan domèn espirityèl. Zanj Letènèl touche Danyèl, epi li di li konsa: Pitit gason Bondye, leve kanpe dwat, pou mwen ka pale. (Danyèl 10: 7-11)

Senyè a bezwen pou nou kanpe, pou ranfòse kè nou epi resevwa enfòmasyon diven ki soti anro nan syèl la. Bondye ap kòmanse pale byen klè avèk nou, pandan nap Devlope Sans Espirityèl nou yo pou tande vwa Bondye vivan an!

Èske ou vle konsakre tout aksyon ak pwaòl ou yo pou fè yon aliyman avèk prezans Bondye? Èske wap chèche Bondye toutbon, jiskaske ou jwenn Li?

Mwen swete ke nou grandi tankou pitit fi ak pitit gason Bondye ki anwo nan syèl la epi aprann tande Vwa li! Mwa Me 2020 defini nou pa kwasans nou pandan nap devlope avèk intelijans «Sans Espirityèl nou yo » epi ogmante kapasite nou yo pou rive tande Vwa Bondye nou an!