PREPARASYON AVAN NOU RESEVWA ONKSYON

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

May 28, 2020

Byenneme, ou se yon wen, ou gen onksyon Bondye. Mwen espere ou vle menm plis onksyon. Men, eske ou pa janm mande tèt ou, pouki rezon ou resevwa onksyon Senyè a?

Nan ansyen testaman, nou wè Wa Sayil te wen pou pèp la epi wa David, limenm, te wen pou Seyè a.

Ou kapab yon Wa pou pèp la, chwazi pa pèp la oswa ou kapab yon Wa pou Bondye, chwazi pa Bondye. Menm jan an tou, gen pwofèt pou pèp la, epi gen pwofèt ki se zanmi Bondye. Gen pastè ki eli epi ki chwazi pa moun yo. Gen pastè ki te chwazi epi voye pa Bondye. Gen legliz ki egziste pou bezwen pèp la epi legliz tou ki egziste pou fè plezi a Wa tout wa yo epi ki se Senyè tout chèf yo. Legliz sa yo prepare lamarye a kap tann Jezikri (ki se Fiyanse a) epi kap prepare kwayan yo pou yo viv nan laviktwa, isit la sou tè, chak jou.

Eske ou konnen pouki rezon Bondye mete Onksyon ki sou ou a, kisa li ye?

Lè nou komanse santi doulè pèp la bò kote ou, moun ki nan esklavaj, doulè jenerasyon an, konpasyon sa a ap kalifye nou pou nou resevwa yon onksyon ki pral kraze jouk ki mare pèp la bò kote nou. Men, nou dwe prèt, nou dwe pare.

Avan Samyèl te bay Sayil onksyon, li te oblije swiv yon pwosesis avan ke Lespri Bondye te ka vini sou Sayil. Men nan ka wa David, Samyèl pat gen okenn enstriksyon konsa pou David epi li te ale tou dwat wen David nan jaden an, menm si frè li yo pat wen, malgre sa yo te jwenn avètisman pou yo konsakre tèt yo.

Nou bezwen sanktifye anvan nou vini nan prezans Bondye pou nou resevwa onksyon Senyè a.

David, vini jan li te ye a. Pwofèt la te wen li imedyatman. Sa vle di ke : “David te pare”.

Mande tèt ou : Eske mwen viv yon vi ki prepare mwen pou resewa onksyon? Lè jou onksyon an rive pou mwen, eske Bondye ap jwenn mwen prepare?

Nan 1 Samyel 10, nou ka aprann byen konsènan preparasyon Sayil: etap yo pou prepare Sayil pou li resevwa onksyon.

Premyeman: Respè/Onore.

« Lè w’a kite m’ jòdi a, w’a jwenn de mesye toupre tonm Rachèl la lavil Sèlza, nan lizyè peyi moun Benjamen yo. Y’a di ou bourik ou t’ap chache yo, yo jwenn yo. Men, koulye a papa ou bliye bourik li yo, se pito pou ou li gen tèt chaje. L’ap mande: Kisa mwen pral fè pou pitit gason m’ lan? » 1 Sam 10:2

Pwofèt Samyel te korije ak akselere Sayil nan destine li, konsa Sayil pat manke destine li. Li di Sayil pou jwenn tonb Rachel a. Nan Jenez 35, nou li kijan Rachel te mouri, rele pitit gason li tankou « pitit gason an nan lapenn mwen » men Jakob rele pitit gason li « pitit gason an nan men dwat mwen ». Tonm Rachel an se senbolik yon kri yon manman ki se enkyete pou pitit gason li. Samyèl enfome Sayil, ou dwe mete enkyetid sa a akote pou ka rive repoze. Pa kite papa ou, manman ou, ap enkyete yo akòz de ou. Se pou pote repo pou nanm yo.

Yo bezwen konnen ke ou pa pèdi epi ke ou se yon pitit respè. Yo bezwen konnen ke ou pa pral lakoz okenn doulè. Nan prese pou resevwa onksyon osaw pou wen, yo pou moun wè yo, yo gen yon platfom (pou monte preche sou chè), anpil pitit gason ak pitit fi anpil kote nan le mond rive blese oswa fèmal paran espirityel yo, epi yo rive manke legliz respe epi yo lakoz divizyon avèk chirepit nan kò nan Kris la, pandan paran yo ap di : « kisa ki te rive pitit gason nou an? ». Jezi menm te priye papa Bondye epi li te di: “Papa, mwen pap pèdi okenn nan moun ki ou te ban mwen yo, eksepte pitit pèdisyon la.”

Ou dwe yon pitit gason oswa yon pitit fi ki respekte paran ou, tankou yon pitit ki pote lajwa pou moun yo ki te pote ou soti byen lwen!

Rete an kominyon avèk Bondye:

« … Lèfini, ou va mache pi devan jouk ou va rive bò pye bwadchenn Tabò a. Lè ou va rive la, wa kontre ak twa nèg kap moute lavil Betèl pou yal ofri bèt pou touye pou Bondye. Yonn ap mennen twa jenn ti kabrit, dezyèm lan va gen twa pen nan men li, twazyèm lan va gen yon veso fèt an po bèt plen diven. Ya di ou bonjou, ya ba ou de nan pen yo. Wa pran yo nan men yo ». 1 Sam 10 : 3-4

Abraham te rankontre Bondye anba yon pye bwadchenn nan peyi Mamre. Abraram tou te gen pen ak diven avèk Melchizedech, se premye kominyon nou jwenn nan Bib la. Koulyè a, Sayil, ki plis natirèl pase espirityèl, pat konnen ki sa li te sipoze fè. Sayil te bezwen tabli kontak avèk prèt yo, paske mesye sa yo te ale Bethèl. Sakrifis toujou nesesè pou nenpòt benediksyon kap soti nan syèl la. Sonje, Jakòb te fè yon sakrifis sou de jenn kabrit anvan li te kapab resevwa onksyon nan men papa li? Bondye fè Sayil jwenn nan men mesye sa yo ki tap pote 3 kabrit ak 3 pen. Yo te bay Sayil 2 pen.

Lè Abraram te rankontre Melchizedech, tou de te genyen pen ak diven, men Sayil pat pare pou resevwa diven an. Li te kapab jwenn selman pen an, ki reprezante pawòl Bondye. Diven an reprezante lespri a, lajwa Senyè a. Sayil ta ka gen diven an, aplodisman lespri a, se selman si Sayil te byen swiv oswa soumèt li devan pwosesis la pou kominye avèk Bondye.

Fè fas a lenmi

Apre sa, w’a monte sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti monte ganizon yo.” 1 Sam 10:5a

Anvan Bondye kapab wen ou, ou gen pou travèse kèk fòtrès lènmi an. Anpil moun santi yo bezwen onksyon yo, men yo pa konprann ke onksyon mache avèk gwo pesekisyon, atak epi fòtrès yo. Si ou pa pare fè fas a fòtrès yo, ou pa ko pare pou resewa onksyon an. Onksyon ou se yon menas pou lenmi an. Si ou se yon moun ki pedi somèy akoz pwoblem ki vin sou chemen ou, oswa ou komanse doute sou lanmou Bondye pou ou, sa vle di ke ou pa ko pare pou resewa onksyon.

Ogmante kapasite lafwa ou pou fè fas ak fòtrès lenmi an.

Finalman: Adore

…. Lè wap antre nan lavil la, ou va kontre ak yon gwoup pwofèt kap desann soti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Yap jwe gita, yap bat tanbou, yap jwe fif ak bandjo, yap danse, yap pwofetize epi bay mesaj ki soti nan Bondye“ 1 Sam 10:5b

Nan plas kote gwo fotrès Filisten yo ye a, ou pral jwenn yon pakèt pwofet ki refize lespri Jezabèl oswa Akab entimide yo, ki va deklare: “mwen ap vini pou ou!” Si ou gade byen, ou pral wè, yo pa pote nepe. Yo pote yon kalite zam diferan. Yo danse devan Seyè a, chante, adore devan Seyè a. Sentespri deklare : “lagras mwen ap vèse nan legliz sa a, pral defini selon fason pèp Mwen an adore Mwen.”

Kite adorasyon ou monte pi fò, sonnen sifizaman fò pou yo nwaye tout mansonj lenmi an!

Moun ki konnen lenmi li yo ap kouri pran lafwit, men moun ki konnen Bondye ap fè exploit. Lè ou konnen Bondye tout bon vre, ou ap adore Li nan mitan fòtrès.

Answit, Lespri Bondye a va desann sou ou, ou va pran danse, wap pwofetize epi bay mesaj ki soti nan Bondye. Ou pap menm moun lan ankò. 1 Sam 10:6

Byeneme, si ou vle onksyon Bondye, konsakre tèt ou pou ou resevwa yon onksyon ki pral libere jenerasyon yo, pou souke nasyon yo epi pou prepare lamarye Kris la pou Wa a kap vini an! Prepare tèt ou, sèvi Bondye ou, epi bay Seyè a glwa!