Lavi Jozèf (Pati 2): FASON POU ANTRE NAN DESTINE OU – yon leson byen aprann

Shyju Mathew

"Experience the Word of God, in the power of the Spirit."

August 5, 2021

Bonjou lektè GTH! Jodi a, annou pwoche pou debloke desten nou nan Bondye yon ti kras pi plis!

Èske ou gen limyè Bondye sou ou?

Èske ou klere tèlman klere avèk Seyè a, tankou Danyèl, ke moun fanmi wayal ap chache ou, pou dekore avèk bèl rad epi avèk lò paske konpreyansyon ou tèlman diven? Èske ou se yon kwayan ki gen bonjan sibstans tankou Jozèf, ke yon sèl repons tou kout, fè Wa peyi Lejip la mete tout Wayom nan anba men ou pou dirije? Èske ou pote tèlman gras, ke gen moun kap fè wout pou ou tankou Samyèl oswa ap fè renovasyon tout kay yo pou akeyi ou, tankou Elize?

Oh, mwen swete ke plizyè nan nou ta ka reponn “Wi” a kesyon sa yo!

Nou dwe débloke gras sa a menm jan avèk gwo Sèvitè ak Servant Bondye ki nan Bib la, pou mond lan ka wè Sajès epi Pwisans Bondye atravè nou!

Lè psalmis la dekri lavi Jozèf, li ekri:

Li voye yon nonm devan yo, Jozèf menm, yo te vann tankou esklav la.
Yo mete pye li nan chenn ki fét avèk fè. Yo te pase yon chenn nan kou li.
Jouk lè pawòl li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Seyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon. Sòm 105: 17-19

Pawòl Senyè a te sonde Jozèf. Ou ka mande tèt ou, ki jan sa fè posib?

Nouvo Testaman deklare : Anvan Bondye te kreye anyen Pawòl la te la, epi Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la se Bondye. (Jan 1: 1)

Se poutèt sa nou konnen Jezi se Pawòl la epi Pawòl la se Bondye. PAWÒL sa a te sonde Jozèf.

Pawòl sa a ki te vini, atravè Jakòb, pou jèn Jozèf nan rèv, se pawòl sa a Bondye te voye. Lè sa a, menm Pawòl sa a teste Jozèf jiskaske li te kapab pote pwomès la nan akonplisman.

Malgre rejè, trayizon, enjistis ak prizon, Jozèf te rete fidèl a Bondye papa li.

Jis aprè Jozèf te fin pase tès la, desten li pou sove lemond antye anba grangou te vin irézistibl.

Zanmi, se pou ou ankouraje! Senyè a deklare yon Pawòl sou desten lavi nou chak jodi a!

Menm jan avèk Jozèf, desten nou klete lè nou pèmèt Pawòl la teste kè nou, teste karaktè nou jiskaske nou ka vin yon Moun san konpwomi ke Bondye voye, yon Anbasadè lagras Bondye ki viv konplètman nan Gras avèk mizèrikòd Jezikri!

Jiskaske Pawòl la teste, epi li gen matirite nan nou, Senyè a ap rete tann anvan Li manifeste pwomès Li nan lavi nou.

Pawòl la ap tann nou genyen kapasite nesesè pou nou ka pote desten nou.

Pou anpil moun, anviwònman nou ka teste nou anpil. Olye pou nou chanje espas travay nou an, se anviwònman ki chanje nou pito. Olye pou nou chanje lekòl nou an, se lekòl la ki kòmanse malfòme nou. Malerezman, nou tout konnen avèk eksperyans kijan nou ka aji plis tankou mond lan olye nou enfliyanse mond lan selon apèl nou kòm chanjè lemond.

Men Bon Nouvèl la: Si nou pèmèt PAWÒL Bondye a sonde nou, modle nou, epi delivre nou, Lè sa a, tankou Jozèf, Moyiz, Danyèl, e menm Jezi, syèl la ap mete nou sou pye pou vini nou Libératè nan sitiyasyon nou an, konsa Pawòl la ap manifeste desten ke Bondye deklare sou lavi nou!

Chè zanmi, tès la nan Pawòl la pa ta dwe pote konfizyon oswa desepsyon! Olye de sa, kite enstriksyon yo avèk prensip Pawòl la transfòme nou an pòtè-limyè ki gen bonjan sibstans epi kap atiré favè nan chak anviwònman kote nou pase!

Se pou Pawòl la manifeste nan tout aspè lavi nou epi pou mond lan konnen ke Bondye papa nou an Li Vrè!

Se pou ou beni! Tanpri pataje Pawòl pwisan sa a avèk moun ou renmen!